Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

“Glotofobi” nan sosyete ayisyen an

Hugues Saint-Fort

Rezime

Nan atik sa a, mwen prezante yon konsèp sosyolengwistik ki rele “glotofobi” (glottophobie, an franse) epi mwen analize ki jan li manifeste nan sosyete ayisyen an. Mwen montre pou ki sa li egziste nan sosyete a, epi relasyon li genyen avèk sistèm edikasyon nan peyi a. Anpil pwoblèm ki soulve nan diskisyon sa a se yon konsekans dirèk kesyon klas sosyal ansanm ak pwoblèm idantite ki blayi sou klas dominan yo ki fè e defè nan sosyete a.

Mo kle yo: glotofobi, sosyolengwistik, sosyete ayisyen, idantite, klas dominan, diskriminasyon lengwistik.   

Entwodiksyon

Malgre franse se youn nan lang sèten moun pale ann Ayiti, li klè ke lang tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti se lang kreyòl. Se lang sa a ki premye lang lokitè ayisyen yo. Sa vle di ke paske se lang sa a Ayisyen akeri natirèlman1 depi yo te tou piti, se li menm ki fòme baz jijman yo, lè y ap analize yon fraz osnon lè yo genyen pou deside si tèl fraz se yon fraz ki akseptab.2 (Crystal 1983).  Tout Ayisyen san distenksyon klas sosyal, kèlke swa zòn jewografik kote li sòti,3 kèlke swa pozisyon li okipe nan sosyete ayisyen an, konprann kreyòl, pale kreyòl. Men, nan yon sosyete tankou sosyete ayisyen an ki baze sou klas, lang se youn nan mwayen pou akeri pouvwa, pou kontwole, pou domine. Moun ki konn pale byen, kèlke swa lang ou pale a, genyen avantaj sou moun ki pa rive nan menm nivo a. Men, lè se lang moun asosye ak pouvwa militè, pouvwa sosyal, pouvwa ekonomik, lang sa a vin jwe yon wòl kapital nan sosyete a. Se sitiyasyon sa a ki egziste ann Ayiti e se sou li mwen pral diskite kounyè a. Pou m fè sa, mwen pral entwodi yon konsèp ki rele «glotofobi», m ap analize li, m ap montre ki wòl li jwe nan sosyete ayisyen an, ki dezòd li kreye nan tout sosyete ayisyen an.

Ki sa glotofobi ye?

Se yon sosyolengwis franse ki rele Philippe Blanchet ki pwofesè nan Inivèsite Rennes 2 an Frans ki te kreye mo «glotofobi» a. Mo sa a te parèt premye fwa nan yon atik ki rele «Quelles (s) évaluation (s) de quelles (s) pratiques? Réflexions sur des enjeux idéologiques à partir d’évaluations récemment médiatisées» (Blanchet (1998b). Blanchet fòme li avèk 2 mo ki sòti nan lang grèk ansyen glotta  ki vle di lang, epi phobia ki vle di laperèz, mepri, agresyon, rayisman…Nan lang franse, genyen plizyè mo ki fòme avèk omwen youn nan 2 mo grèk sa yo. Pa egzanp, glottophagie, agoraphobie, homophobie, xénophobie, islamophobie, judéophobie…  Philippe Blanchet anplwaye  mo «glotofobi» a ankò anndan yon liv ki rele Discriminations: combattre la glottophobie (Blanchet 2016). Men ki jan Blanchet defini glotofobi nan liv sa a: «La glottophobie peut être définie comme: «Le mépris, la haine, l’agression, le rejet, l’exclusion, de personnes, discrimination négative effectivement ou prétendument fondés sur le fait de considérer incorrectes, inférieures, mauvaises certaines formes linguistiques (perçues comme des langues, des dialectes ou des usages de langues) usitées par ces personnes, en général en focalisant sur les formes linguistiques (et sans toujours avoir pleinement conscience de l’ampleur des effets produits sur les personnes)» (Blanchet, 2016: 45).  

Dapre definisyon sa a, nou kapab di ke glotofobi se yon sòt diskriminasyon ki pratike sou moun akoz de jan yo pale, aksan  yo genyen lè y ap pale, osnon mo yo itilize lè y ap pale. Glotofobi pwovoke santiman mepri, rayisman, agresyon, esklizyon sèten moun. Nan yon konpòtman glotofobik, yo konsidere sèten fòm lengwistik tankou fòm ki enferyè, ki pa kòrèk, ki pa bon.

Dapre sosyolengwis Blanchet, nou pa rankontre souvan espresyon «diskriminasyon lengwistik» paske moun pa tèlman pòte atansyon sou fòm diskriminasyon sa a, osnon sou lide ke se yon diskriminasyon moun dwe kondane sou plan etik ak sou plan jiridik. (Blanchet 2016: 43). Men, Blanchet ensiste pou li mete diskriminasyon lengwistik anndan diskriminasyon ke yo fè sou moun an jeneral olye ke li konfine yo nan diskriminasyon lengwistik sèlman (Blanchet 2016: 44). Li vle montre «dimension humaine» ak «dimension sociale» ki genyen nan tout diskriminasyon lengwistik.

Diskriminasyon lengwistik

Moun nan Etazini ki t ap suiv aktyalite nan nouvèl televize semenn pase fen mwa me a te gade pakèt eskonbrit yon avoka  blan ameriken te fè nan lari Manhattan, nan New York, paske  imigran panyòl ki t ap sèvi li nan yon restoran  t ap pale panyòl sèlman nan restoran an.  (Pou moun ki ta enterese li yon atik mwen ekri sou sa ki rele: Glottophobie dans la «Grosse Pomme».

Eskonbrit avoka blan ameriken an te fè nan lari Manhattan se yon bon egzanp konpòtman glotofobik. Ann Ayiti, chaje ak kalite konpòtman sa yo. Pa egzanp, nou jwenn yo nan fason anpil Ayisyen trete moun ke yo rele «bouch sirèt». Konpatriyòt sa yo gen difikilte pou yo pwononse yon seri son ki nan lang franse men ki pa fè pati gwoup son ki nan sistèm fonolojik lang kreyòl la.4 (Mwen gen yon atik sou kesyon sa a ki gen pou l sòti byento). Lè yo bay yon elèv lekòl non «bouch sirèt», se kòm si se yon tach ki tonbe sou elèv sa a pou tout lavi li.

Yon lòt egzanp konpòtman glotofobik ann Ayiti, sa vle di gwo diskriminasyon lengwistik, se atitid sèten fonksyonè nan biwo leta ann Ayiti lè yon moun poze yon kesyon an kreyòl. Lepli souvan, fonksyonè yo meprize moun lan osnon yo vag li. Men, menm fonksyonè sa a kouri reponn yon lòt kliyan ki adrese li an franse. Sa a se yon pratik ki kouran ann Ayiti.

Yon dènye egzanp ki ta bon pou mansyone se espresyon franse «exprimez-vous» ke Ayisyen itilize nan konvèzasyon nòmal an kreyòl pou mande yon entèlokitè pou li pale franse. Pou Ayisyen ki anplwaye espresyon franse «exprimez-vous», sa vle di nan lespri yo: «Pale franse, sispann pale kreyòl».

Ki sa egzanp sa yo di nou sou diskriminasyon lengwistik nan sosyete ayisyen an ? Si nou byen obsève twa egzanp sa yo, nou konstate ke yo sòti nan konfli ki egziste ant lang franse ak lang kreyòl nan sosyete ayisyen an. Malgre lang kreyòl reprezante sèl lang tout Ayisyen pale, se lang franse ki reprezante ideyal lengwistik pou yon kantite Ayisyen. Yo mal konsidere moun ki pale kreyòl, moun ki gen difikilte pou pwononse son franse ki pa fè pati sistèm fonolojik lang kreyòl ayisyen, menm si Ayisyen ki bileng franse  anplwaye son sa yo lè y ap pale kreyòl. Se sa ki rive ak son [y], nou jwenn nan mo franse tankou rue [Ry], nu [ny], dur [dyR] ki tounen lari, (toutou) ni, di, an kreyòl. Men, li enpòtan pou konprann se pa lang franse li menm ki responsab dominasyon ki egzèse sou lang kreyòl nan sosyete ayisyen an.

Dominasyon sa a fè pati yon «ejemoni» «hégémonie culturelle» (Gramsci)5, sa vle di  kondisyon sosyal yon klas, klas  boujwazi a, ki kontwole rès sosyete a, enstale nan sosyete ayisyen an. Nan yon sistèm ejemonik, dapre Gramsci,  klas sosyal an ba yo gen tandans aksepte dominasyon ki ap toupizi yo paske klas dominan yo fè yo konprann se kon sa pou bagay yo mache. Ann Ayiti, gen moun ki konprann se nòmal pou lang franse okipe plas li okipe nan sosyete a paske lang kreyòl pa yon lang, osnon se yon lang ki enferyè, ki pa gen gramè, alòske lang franse se lang «moun de byen». Wòl boujwazi a ann Ayiti se sèvi ak ejemoni ideyolojik e kiltirèl li egzèse sou sosyete ayisyen an pou manipile li epi fè l aksepte sa li kwè ki bon pou li.  Lè sa a, klas boujwazi a prezante pozisyon li yo tankou pozisyon  bon sans. Gras a lekòl, anpil Ayisyen aprann venere lang franse men meprize lang kreyòl. Nan ane 1980 yo, refòm Minis edikasyon  Joseph Bernard la te rankontre  yon pakèt rezistans ki sòti non sèlman lakay klas gwo zotobre yo, men tou lakay anpil moun nan klas popilè yo ki pran pou lajan kontan lide ke lang franse se lang  «bon moun» pale, lang «entèlektyèl» e ke se sèl li menm pou lekòl ann Ayiti dwe kontinye anseye. Klas dominan an pwopaje ideyoloji pa li  nan sèvo moun san moun yo pa rann yo kont  sa.  Sitiyasyon sa a ap dire depi lontan ann Ayiti.

Kite m  raple ke mwen pa janm mande pou rejete lang franse nan lekòl ann Ayiti. Genyen anpil avantaj Ayiti kapab tire de michan liv ekriven ayisyen ekri an franse depi epòk apre Endepandans jiska jounen jodi a. Genyen nan liv sa yo ki tounen klasik nan istwa literè Ayiti, liv tankou Les Théoriciens au pouvoir 1870 (Demesvar Delorme), Anténor Firmin  De l’égalité des races humaines (1885), Ainsi parla l’oncle, (Jean Price-Mars 1928 [1973], Gouverneurs de la rosée 1946, (Jacques Roumain), Histoire d’Haïti 1848 (Thomas Madiou), Compère Général Soleil 1955 (Jacques Stephen Alexis), Mère-Solitude 1983 (Émile Ollivier), Hadriana dans tous mes rêves 1988 (René Depestre)…

Klas sosyal ak diskriminasyon lengwistik ann Ayiti

Menm jan ak anpil lòt sosyete, Ayiti se yon sosyete ki estratifye. Sa vle di li divize an plizyè kouch sosyal youn anlè lòt, diferan manm nan sosyete a okipe diferan pozisyon sosyal selon travay yo egzèse, kote yo abite, edikasyon yo resevwa. Lepli souvan, yo pa pale menm jan, e li ta sanble ke fason pale moun ki okipe gwo pozisyon sosyal nan yon sosyete resevwa plis konsiderasyon alòske fason pale moun ki okipe pozisyon sosyal ki manke prestij nan sosyete a pa resevwa konsiderasyon.
Dapre lengwis fransèz Dominique Fattier (1984)6, «il est d’usage en Haïti d’opposer un créole «rèk», variété parlée par les unilingues, à un créole «swa», variété parlée par les locuteurs bilingues des classes moyennes et de la bourgeoisie. Le «rèk» opposé au «swa», c’est le «rustique» opposé au «raffiné». (Ann Ayiti, gen 2 kalite kreyòl: yon kreyòl «rèk», se inileng yo ki pale varyete kreyòl sa a, epi yon kreyòl «swa», se lokitè bileng ki fè pati klas mwayèn yo ak boujwazi a ki pale varyete kreyòl sa a. Opoze «rèk» ak «swa» se tankou opoze «peyizan» ak moun «eklere». (se tradiksyon pa mwen).

Dapre lengwis ameriken Albert Valdman (2016) li sanble ke se varyete «swa» kreyòl la ki ta reprezante kreyòl estanda7 ayisyen. Men, gen anpil fòm franse nan varyete sa a epi pa gen anpil moun ki pale varyete sa a. Nan kondisyon sa a, èske li reprezante vrèman fason majorite Ayisyen pale ? An plis de sa, pa genyen gwo ankèt sosyolengwistik  ki fèt sou varyete «swa» a pou montre ki jan li fonksyone vrèman osnon ki karakteristik prensipal li genyen.

Diskisyon sa a gen enpòtans li paske li pèmèt nou konprann pi byen sous fenomèn  glotofobi nan sosyete ayisyen an. Diskriminasyon lengwistik se yon aspè yon kategori diskriminasyon pi laj ki nan sosyete ayisyen an. Li sòti nan estrikti sosyete ayisyen an depi peyi a te vin endepandan an 1804 apre ke gwoup afranchi ak gwoup esklav kreyòl lib te mete ansanm ak mas esklav bosal8 yo pou kraze epi mete blan franse deyò. Men, apre sa fèt, 2 group sa yo pa te kapab rive antann yo paske enterè yo te twò diferan. Gwoup afranchi (sa vle di moun Nwa lib osnon Milat)  ak gwoup yo te rele «Afriken» osnon «bosal» (sa vle di esklav nouvo lib ki te fèt ann Afrik) (cf. Barthelemy 2003) te vin antre an konfli. Prensipal sous konfli a se te posesyon tè. Men, te gen esplikasyon pi pwofon. Majorite espesyalis syans sosyal ki etidye kesyon an montre gwo diferans ki te egziste ant moun lavil ak moun riral (peyizan). Moun Nwa lib ak Milat yo te devlope yon kilti kreyòl baze sou edikasyon, lekòl, travay lavil, konsomasyon, alòske desandan bosal yo te kontinye ap viv nan menm estrikti kilti afriken yo, vodou, ansyen tradisyon zansèt yo…Se nan move relasyon ki te vin etabli ant 2 gwoup sosyal sa yo ke  diskriminasyon vin jwe yon wòl enpòtan nan sosyete ayisyen an.

Leta ayisyen se pi gwo antite k ap pratike diskriminasyon lengwistik ann Ayiti. Men sa Michel DeGraff, pwofesè lengwistik nan MIT, youn nan lengwis ayisyen ki pi konpetan e ki pibliye sou tout aspè pwoblèm lang kreyòl ayisyen, ekri: «…Most official documents published by the Haitian State in all domains, from education to politics, are still written exclusively in French to the detriment of monolingual Creolophones, even though French is spoken today by at most one-fifth of the population, at various levels of fluency. The Haitian birth certificate, the very first official document that every newborn Haitian citizen is, in principle, assigned by the state, exists in French only. Such French-only policies, at least at the level of the written record, effectively create a situation of “linguistic apartheid” in the world’s most populous Creole-speaking country (P Dejean 1989, 1993: 123-24). This linguistic apartheid goes against the spirit of Article 5 of the Constitution which states that “[a]ll Haitians are united by a common language: [Haitian] Creole”. In theory, Haitian Creole (HA) is legally on a par with French, but not in practice.”  (DeGraff 2007: 101). Pi fò dokiman ofisyèl leta ayisyen pibliye nan tout domèn, sòti nan edikasyon rive nan politik, se an franse yo kontinye ekri yo esklizivman san yo pa teni kont moun ki pale kreyòl sèlman, kwake se yon ti kras Ayisyen, maksimòm en-senkyèm popilasyon, ki pale lang franse, pli zoumwen byen. Batistè ayisyen ki se premye dokiman ofisyèl leta ayisyen remèt tout sitwayen ayisyen ki fèk fèt, egziste sèlman an franse. Kalite prensip sa yo ki baze sou lang franse sèlman, omwen sou kesyon dokiman ekri, kreye vrèman yon sitiyasyon “apatayd lengwistik” nan peyi ki gen plis moun ki pale kreyòl nan lemon (P Dejean 1989, 1993: 123-24). Apatayd lengwistik sa a ale kont lespri Atik 5 Konstitisyon ki di ke “Genyen yon sèl lang ki ini tout Ayisyen epi yo tout pale li. Lang sa a se kreyòl”. An teyori, Kreyòl Ayisyen (KA) sou menm nivo ak franse, men an pratik, se pa vre.) [se tradiksyon pa mwen].

Konklizyon

Mo «glotofobi» a se yon mo savan ki kreye pou konseptyalize yon fenomèm nou jwenn nan sosyete kote yo meprize, yo mal konsidere moun paske moun sa yo pale avèk yon aksan, osnon anplwaye mo ke moun nan klas dominan yo voye jete. Sosyolengwis franse Philippe Blanchet te fè travay sa a pou sosyete franse a, men mwen montre nan etid sa a ki jan konsèp la  kapab sèvi tou pou analize sosyete ayisyen an. Analiz pa mwen an egzaminen kesyon diskriminasyon lengwistik ki sòti nan rapò ant lang franse ak lang kreyòl ann Ayiti. Genyen 2 dimansyon ladann: yon dimansyon kote pwoblèm sosyal makònen ak pwoblèm lang ; epi yon lòt dimansyon kote pwoblèm lang makònen ak pwoblèm sosyal. Se yon kesyon klasik nan rechèch k ap fèt an sosyolengwistik.

Hugues Saint-Fort
New York, juin 2018

Referans site:

Alexis, Jacques-Stephen (1955) Compère Général Soleil. Paris: Gallimard.

Barthélemy, Gérard (2003) Aux origines d’Haïti: «Africains» et paysans in: Haïti, première république noire, sous la direction de Marcel Dorigny. Saint-Denis, Société française d’Histoire d’Outre-Mer.

Blanchet, Philippe (2016) Discriminations: combattre la glottophobie. Paris, Éditions Textuel.

Blanchet, Textuel (1998b) «Quelles (s) évaluations de quelle (s) pratiques (s) ? Réflexions sur des enjeux idéologiques à partir d’évaluations récemment médiatisées», in: J-M Éloy (éd.) Évaluer la vitalité des variétés d’oïl et autres langues, Centre d’études Picardes, université d’Amiens, 1998, p.23-41.

Crystal, David (1983) A First Dictionary of Linguistics and Phonetics. London: Andre Deutsch.

DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (Creole French) in: Comparative Creole Syntax, ed. by John Holm and Peter L. Patrick.

Delorme, Demesvar (1870) Les Théoriciens au pouvoir, Paris, Plon.

Depestre, René (1988) Hadriana dans tous mes rêves. Paris.

Fattier, Dominique (1984) De la variété rèk à la variété swa. Pratiques vivantes de la langue en Haïti. In: Conjonction, revue franco-haïtienne, # 161-162, mars-juin 1984.  

Firmin, Anténor (1885) De l’égalité des races humaines, Paris.

Madiou, Thomas (1848) Histoire d’Haïti.

Ollivier, Émile (1983) Mère-Solitude. Paris, Albin Michel.

Price-Mars, Jean (1928) [1973] Ainsi parla l’oncle. Ottawa: Les Éditions Leméac, Collection Caraïbes.

Roumain, Jacques (1946) Gouverneurs de la rosée. Paris, Les Éditeurs Français Réunis.

Valdman, Albert (2016) Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin. Great Britain: Equinox.

Nòt

  1. Lengwis ak sikològ fè yon distenksyon ant aprann yon lang avèk akeri yon lang. Aprann yon lang se yon pwosesis konsyan ki dewoule pafwa nan yon anviwonman fòmèl. Men, yo pale de akeri yon lang, espesyalman premye lang, paske, dapre anpil lengwis, timoun fèt avèk fakilte espesyal pou yo aprann pale lang; depi y ap viv kote moun pale yon lang, yo menm tou, y ap rive pale lang sa a. Donk, se akeri timoun akeri règ lang matènèl yo.
     
  2. An lengwistik, lengwis yo konsidere done sou yon lang tankou done akseptab lè natif natal lang sa a pa konsidere done sa yo tankou done ki pa koresponn ak pwòp lizaj pa yo.
     
  3. Menm jan sa rive nan tout sosyete, nou jwenn ann Ayiti zòn jeyografik kote varyete ki kouran an genyen kèk diferans parapò ak varyete majorite moun pale.
     
  4. Li enpòtan pou konprann gen son ki egziste nan yon lang ki pa egziste nan yon lòt lang. Pa egzanp, son [ɵ] th nan lang angle pa egziste ni an franse, ni an kreyòl ayisyen, son [y] (u) an franse pa egziste ann angle, an kreyòl ayisyen, li parèt sèlman nan bouch lokitè ayisyen ki bileng franse osnon ki konn lang franse.
     
  5. Antonio Gramsci se yon filozòf e teyorisyen maksis italyen nan 20èm syèk la ki te vini ak konsèp «ejemoni kiltirèl” (hégémonie culturelle).
     
  6. Nan atik li a ki te parèt nan revi «Conjonction», mars-juin 1984, Dominique Fattier di se youn nan etidyan li yo ki rele Pierre-Richard Narcisse, ki te ba li enfòmasyon sa a.
     
  7. Sa yo rele varyete estanda kreyòl se dyalèk kreyòl ke lokitè natif natal edike pale, e ke moun itilize alekri.
     
  8. Yo rele “bosal” popilasyon afriken ki te fèt ann Afrik epi antre Sen Domeng kòm esklav pou travay sou plantasyon sik ak kafe. Yo te fòme pi gwo kantite popilasyon esklav nan Sen Domeng.

 Viré monté