Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwoteje enterè ayiti

Emmanuel W. Védrine

Photo E. W. Védrine Creole Project.

Apre 217 ane depi Desalin fonde nasyon sa a
Chak Ayisyen dwe pran kèk minit
Pou reflechi sou pwogrè nou
Kòm Premye Pèp Nwa
Ki pran libète ak zam nan men
Ki bay san l pou sa,
Pou viv lib oubyen mouri
Nou pase istwa d Ayiti an revi plizyè fwa
Pou wè kilès ki zanmi nou
Nou pa di etranje se ènmi nou nonplis
Men, nou ka di:
Chak nasyon ap jere e pwoteje enterè l
Konsa tou, nou menm Ayisyen
Dwe sispann (fè) egoyis
Dwe sispann touye youn lòt, sou kèlkeswa fòm nan
Dwe sispann kidnape,
Dwe sispann fè tyoul peyi etranje
Dwe sispann gagote lajan peyi a
Dwe sispann boule, dechouke, kraze-brize peyi n
Nou dwe anbrase filozofi konbit
Pou n travay ansanm pou
Devlope, e modènize Ayiti nan avantay tout Ayisyen
Pou onè ak respè nou nan lemonn
Klòch inyon an ap karyonnen jodiya
Pou tout Ayisyen, Ayiti kou nan dyaspora, ini
Pou pwoteje enterè nasyon sa a
Desalin te fonde, e mouri pou li.

(Koleksyon: Kri pou liberasyon)

3 avril 2021

*

 Viré monté