Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwa kreyòl 2011

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2014 - 13èm edisyon

La grande dictée du Mois du créole

Sa fè nou anpil plezi pataje ak nou premye Gran Dikte Mwa Kreyòl Monreyal la. Aktivite sa a, se youn nan inisyativ KEPKAA pran pou ankouje jenn ak mwen jenn yo antre nan batay valorizasyon lang ak kilti kreyòl la. Se jodi a, jou ki 11 oktòb 2014, li te dewoule, nan biblyotèk Sen-Michèl, pwovens Kebèk, Kanada.

Kòm premye eksperyans, se pa ti satisfè manm ak patnè KEPKAA yo satisfè. San rete pale sou kontantman patisipan yo epi plizyè pri konsolasyon ki te bay, men non loreya yo; se twa ti jenn fi, pi gran an pa sanble li gen plis pase 20 lane:

  • 1e pri   : Taïna Sénat (yon sètifika kado 255 dola, plis yon chèk 150 dola);
  • 2èm pri : Sabine Dénéus (yon chèk 100 dola);
  • 3èm pri : Jemima  Corriolan (yon diksyonè kreyòl kreyòl).

Jan nou ka wè, «Depi tèt pa koupe, gen espwa mete chapo.» KEPKAA gen plan travay fò pou fè konsèp Gran Dikte Mwa Kreyòl Monreyal la vin yon aktivite nan tout zile kreyolofòn yo.

Pandan tout mwa oktòb 2014 la, tout moun, tout òganis oubyen enstitisyon ki ta renmen rasanble moun pou yo bay dikte  sa a, yo ka sèvi ak tèks la. Sa ka fèt nan sal klas, nan kafeterya travay nou, nan emisyon radyo nou e menm anba pyebwa. Kòm kondisyon, nou dwe gen moun ki fòme pou sa ; nou dwe tou bay KEPKAA ak redaktè li yo kredi pou sa. Pou fini, nou ka fè dikte a sikile.

Nou ale, lonè respè pou nou tout,

Direksyon KEPKAA
Monreyal, jou ki  11 oktòb 2014

boule boule boule

DIKTE MWA KREYÒL MONREYAL 2014

Plezi nan kanaval

Basse-Terre (Guadeloupe)

Photo F.Palli.

Men  … ki sa kanaval la ye?  Gen moun ki di se pi bèl fèt rejwisans peyi antiyè ak Oseyan endyen yo. Pou Ayisyen, kanaval kounye a se yon okazyon defoulman. An reyalite, kanaval, ki soti nan peryòd antikite, vin tounen yon tradisyon kiltirèl nan peyi Ejip, Grès, elatriye. Nan tout kanaval nou konnen yo, pa Brezil la menm se chapo ba.

Pou zile tankou Ayiti, Kiba, Trinidad, Lareyinyon ak tandòt, kanaval se yon bèl fèt popilè. Ann Ayiti menm, gen yon epòk, gwoup mizikal tankou Kadans ranpa ak Konpa dirèk, Titato, bann apye tankou Òtofonik, Lepèp samiz te gaye nan tout lari.

Lè nou pran rèn ak  wa sou cha, bèl koregrafi, degizman, mas, bèl kostim madigra, lamayòt ak Chaloska, nou rive wè, epòk kanaval, se epòk tout kalite moun ap pran plezi yo ansanm. Lè sa a yo di: «Dyab mele ak bonmas.» Gen moun ki di tou, nan kanaval, libète ak libètinaj dòmi nan menm kabann. 

Yon bò, pa gen kanaval san lamanjay tankou benyen, fritay ak bweson; sou yon lòt bò menm, p ap gen sa san mizik, chante, yayad ak plezi totalkapital. Pa gen kanaval nonplis san sitirans, derizyon, toya, flatri, goumen epi fratènite. Malerezman, nan kanaval, sèks ak seksis mache bradsi bradsou. Nou andwa wè tou vodouyizan, pwotestan ak katolik, kòtakòt, ap pran plezi yo de bra anlè.

Si «apre dans, tanbou lou», jan nou di lakay, apre nèf mwa, banbòch kanaval konn mennen plis timoun. Se pou sa, mesyedam yo dwe mache sou pinga, pou yo pa pile si yo te konnen.

Vidéo de la dictée sur Facebook

boule boule boule

Non moun ki patisipe nan redaksyon dikte sa a:

Lenous Suprice
Mozart Longuefosse
Michel-Ange Hyppolite
Pierre-Roland Bain

Monreyal, jou ki 2014-10-11

boule  boule  boule

Programme du mois du créole 2014

Mois du créole 2014

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 802-0546
Courriel : kepkaa@videotron.ca

boule

 Viré monté