Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Etnopwetik: Tandans rasin nan oralti ak literati kreyòl la

Ak
Jean-Robert Placide epi Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Anndan Sosyete Koukouy Kanada, nan refleksyon nou sou prezans vodoun nan literati kreyòl la, nou kwè enfliyans vodoun an marye, simaye nan tout aktivite senbolik ayisyen. Langay estetik nou tòtòt vodoun. Nan oralti kreyòl la, plizyè chante atis popilè yo, plizyè chante atis peyizan yo, chante travay sou lanmè (oubyen chante dlo), chante peyizan laplenn oubyen nan mòn asosye ak vodoun1. Divès aktivite atistik plastik petri ak vodoun (cf. Exposition: Les forgerons du vodou). Diferan tèks literè trese ak vodoun (cf. 13 nouvelles vaudou, Gary Victor 2007). Enpòtans vodoun an konn tèlman fò kay sèten sanba, nan zèv sèten atis langay, nan sèten domèn, nan sèten pyès atistik, sa vin lakoz plizyè literatè vin ap pale de efikasite nan sèvi ak pwetik vodoun2, teyat vodoun3, penti vodoun4.

Defèt, nan domèn mizik ak chante, depi mizik Rasin ap frape, anpil fwa gen moùn tou ki melanje plizyè kategori mizik, mete yo nan mizik vodoun. Men, bò kote pa li, Gifrants5distenge divès tip mizik sou baz enstriman mizisyen yo itilize nan pèfòmans yo. Atis la  demontre mizik vodoun ak mizik rasin pa menm. Mizik vodoun se chante lwa sou rit Lafrik ginen avèk enstriman tradisyonèl tankou : houn, hountò, hountòdji, agida, ogan, ason. (Enstriman sa yo pote lòt non : manman tanbou, segon, boula, bagèt, klòch, tchatcha). Tandiske mizik rasin se chante sou rit ak kout tanbou vodoun men ki balanse ak enstriman mizik modèn tankou tanbou, sentetizè, gita,  saksofòn, eksetera. 

Bò kote pa nou, sou baz fonksyon depaman mizik rasin nan parapò ak mizik vodoun an, nou remake tou genyen yon gwo diferans. Mizik rasin pa mizik vodoun6. Mizik vodoun se mizik sakre nan hounfò, chante lwa yo chante anba peristil, nan sèvis ak dans vodoun, nan seremoni bann rara tou7. Gifrants di nou tou «La musique vaudou chante Dieu et les dieux qui vivent parmi nous8». Deplis, daprè Gèdès Fleran9, «Mizik la jwe yon wòl estratejik nan dewoulman sèvis la. Se ak chante danse yo anonse sa ki ap fèt nan chak moman». Konsa, nou byen konprann chante vodoun an kapab gen yon fonksyon pratik (rituel). Pakont,  mizik rasin nan se mizik pwofàn sou sèn, ki balanse ak yon powetik osnon yon estetik vodoun. Epi, fonksyon li, se pou danse li nan bal, nan kanaval, oubyen pou yo jwe  nan pyès teyat. Li nan tout sòs (politik, lanmou, sosyete, polemik, tripotay,…), menm jan ak mizik peyizan yo.

Tandans rasin nan ak vodoun

Kanfeti mizik rasin nan parèt nan ane 1970 yo, men tandans rasin nan se pa yon nèfte oralitè ni literè ki date jounen jodi a. Lè nou konekte tandans rasin nan ak pwodiksyon atistik endijenis ayisyen an, nou gen konviksyon li te deja ap viv anndan oralti a depi nan fondasyon sosyete ayisyen an, (cf. Lomeyans pou anakawona, Lomeyans awangan : kanga bafyoti) jistan li parèt lakay Ignace Nau, ki ta premye ekriven endijenis vre avèk yon kont endijenis (yon kont rasin) «Isalina ou une scène créole», daprè Pompilus (1975), tòm I, p. 182-188).

Ansuit, depi ane 1930 yo konsa, René Victor (2007), nan Chansons de la montagne, de la plaine et de la mer, p. 111, te deja obsève yon mouvman konpozisyon diferan ant mizik vodoun ak mizik peyizan yo ki te adapte mizik vodoun yo10. Epi ankò, adaptasyon mizik vodoun an parèt tou nan konpozisyon lòt sanba, lòt chantè ki pa nan okenn gwoup rasin.

Paregzanp, Léon Dimanche chante: «ki mele mwen avè yo, ki foute mwen, pale m’ mal dèyè do-m devan-m byen, zafè yo …» Se enspirasyon yon chante vodoun ki parèt nan Le Grand Recueil Sacré ou Répertoire des Chansons du Vodou Haïtien, Max Beauvoir (2008), p. 218, No 678. Manno Chalmay, nan plizyè chante, fè menm adaptasyon sa yo ak refren nan chante ki rele Zanmi pre, ki se yon chante vodoun ki parèt nan Beauvoir (2008), p. 439, No 01743. Minidyaz Sanba kreyòl te parèt avèk «Kè m’ pa sote » ki se yon chante peyizan René Victor (p. 111) te konn tande nan ane 1930 yo. (Tcheke lòt mizik tankou Balendjo hogoun o, No 00236, p. 127). Les frères Dejean, ak refren Debake, ki parèt nan Beauvoir (2007), p. 157, No 00384. Kanta chante lwa, yo sèvi nan repètwa atis kou Raoul Denis, Émeline Michel, Lumane Casimir, Toto Bissainthe, Gérard Dupervil, ak Douby nan Sistèm Benn ak yon bann lòt ankò. 

Konsa, nou ka remake, tandans rasin nan pa layite sèlman nan mizik rasin yo ki parèt lòtjou la. Paregzanp, Karin Richmann11rapòte nou Ti Chenni, ki gen don pou chante, konpoze lèt pwen sou kasèt avèk adaptasyon chante pwen vodoun. Mèmèn, Zo ak Sebyen se konpòz rasin tou ki enspire epi ki adapte chante pwen vodoun yo pou konpoze lèt sou kasèt.

Ositou nou kab di, tandans rasin nan ak vodoun an, se pa sèlman direksyon retounen nan sous rasin Lafrik ginen (tankou négritude nan literati a), men tou se sèvi ak sistèm vodoun an kòm referans estetik atistik olye yon referans relijye osnon mistik. Se pran sistèm vodoun an kòm potomitan chapant atistik. Nan sans pou konsidere sistèm vodoun an kòm estetik, tandans rasin nan òganize epi donnen plizyè zèv nan divès domèn atistik oralitè, literè, plastik.

Pwetik ak estetik rasin

Mizik ak dans popilè ayisyen yo se langay estetik ki fonde kilti nasyonal Ayiti a epi ki konpoze ak vodoun. Gèdès Fleran12dekante plizyè aspè powetik nan estritikti mizik vodoun an. Li bay pwen tankou: kadans, antifoni, aksan melodik, elizyon. Epi li ajoute, mizik la toujou mache ak dans epi melodi chante yo pa janm konplike. Bò kote pa li, Claude Carré13 demontre nou aklè kouman «la musique coutumière», mizik popilè peyizan yo, devlope yon powetik «répétition ak variation» ki reflete yon estetik vodoun epi ki koresponn ak filozofi, ak vizyon Lafrik Ginen.

Nan mizik rasin nan,  samba yo ajiste lè (melodi) ak pawòl ki nan mizik vodoun an, menm jan atis peyizan yo (chansonye, batonye ak marinye yo) ak dòt atis kontinye ap fè li nan mizik, chante ak lòt manifestasyon oralitè ou literè. Epi, daprè nou, se adaptasyon pwetik mizik vodoun an, ki te deja nan mizik popilè atis peyizan yo, ki t’ap balanse nan mizik minidyaz yo, ki pral chapante mizik rasin sanba modèn yo. (Ak pi plis ankò, mouvman Kreyòl Dyaz jodi a, ki balanse ak menm souf mizik vodoun (fòlklorik, tradisyonèl) sa yo nan mizik dyaz la14). Epi, nan adaptasyon mizik vodoun an, nou jwenn 3 aspè enpòtan ki domine pwetik mizik rasin nan: lè chante (melodi), rit ak kout tanbou ginen yo (Rada, Kongo, Petwo…) ak chanjman fonksyon pawòl yo (ki pa ditou fonksyonèl nan sèvis vodou, sètadi ki pa ni rituel ni lapriyè), ajoute ak chanjman direksyon sans pawòl yo.

Nan aspè estetik la, lò enèji inivè vodoun an trè fò, (intensité degré de signifiance vodoun an trè fò), mizik rasin nan monte wo degre kote lwa yo kapab monte (sèvitè) chwal yo, (menm si se pa anba peristil). Nan moman sa a, li sanble tèt koupe ak mizik vodoun, epi yo ka menm konfonn li ak mizik vodoun. Egzanp mizik rasin Koudjay, Ram, Tokay. Yonn nan pi enpòtan yo, se mizik rasin Azò yo ki marasa ak mizik vodoun yo. Se pou sa nou pa etone lè nou tande non gwoup rasin tankou «Choukbwa», «Rasin mapou», «Rasin Simbi» ki se nouvo non «Rara fanm».

Nan pouse refleksyon nou an pi fon nan domèn literati, sou baz resanblans estetik sa a avèk mizik rasin nan, Henri Robert Durandisse (manm Sosyete Koukouy) sigjere pou nou bay kalite tèks oralitè ou literè kon sa yo yon konsiderasyon espesyal. An patikilye, li panse ak divès fòm pwezi kreyòl yo ki pote mak estetik vodoun osnon ki genyen kalite estetik vodoun. Epi li pwopoze pou nou rele tèks pwetik sa yo: Pwezi rasin (menm jan yo di mizik rasin).

Pwezi vodoun ak pwezi rasin

Pwezi ak mizik gen anpil aspè nan pwetik yo ki sanble. Gen «répétion» ki chapante mizik epi gen repetisyon tou kòm teknik pwetik15. Gen «variation» nan chante yo ki se adaptasyon melodi ak pawòl chante vodoun. Nan literati kreyòl la, nou jwenn fòm pwezi tankou pwezi ritmik ki se varyasyon ki baze sou dire melodi oubyen sou longè pawòl chante (vodoun). Gen kadans, rit ak pwozodi. Lè nou konsidere koneksyon ki genyen ant chante ak pwezi, li vin nòmal pou nou di genyen yon pwezi (sakre) vodoun epi genyen yon pwezi (pwofàn) rasin, menm lè nou poko rive jwenn lòt analiz ki ale nan menm sans ak lide pa nou an.

Chante se yonn nan mòd kominikasyon (ki pi ansiyen, pi popilè) pou Ayisyen esprime pwezi. Depi nan Ginen, vodoun ap danse, chante vodoun ap bat, mizik vodoun ap chante. Nou panse, tankou Zumthor16 ta di, pwezi vodoun oral la se chante vodoun yo : mizik + melodi + pawòl + pèfòmans lan. Se pou sa, nan tras panse Bowra17 ak Giambattista Vico18 ki konsidere chante sakre yo tankou pwezi sakre (poésie hiératique), analiz nou an konsidere pèfòmans chante vodoun yo ak tout chante yo tankou pwezi oral. Paregzanp, lapriyè djò, chante lwa yo, sanba ak houngenikon yo konpoze19, nan dans lwa yo, chante sanba ak konpòz yo kreye nan bann rara yo (sitou nan aspè relijye Rara a), chante pwen vodoun yo, nou konsidere se pwezi sakre yo ye ki blayi anndan Oralti a. Epitou, nan sans lide Zumthor ak Bowra devlope yo, nou rele pawoli sa yo : pwezi vodoun. Nan plizyè ka, pwezi vodoun (sèvitè) yo pwodui yo gen yon esans relijyon mistik vodoun. Nan pwezi vodoun an, kwayans ak atmosfè vodoun an, yo fè pati lafwa atis la, se pa sèlman, tankou ou ta di, yon vèni, yon kouch poli, yon kouvèti, oubyen yon senp estrateji ekriti.

Pakont, pwezi rasin nan nou obsève ni nan oralti a, ni nan literati a, se yon pwezi pwofàn, endijèn ki fèt avèk yon estetik vodoun. Enspirasyon li se nanm ayisyen ki nan chante fòlklorik yo, chante tradisyonèl yo, chante vodoun yo ak kwayans popilè yo. Materyo pwezi rasin nan se mo vodoun, tematik vodoun, chan semantik vodoun, vizyon ak filozofi vodoun, kilti ak espas vodoun. Diferamman ak pwezi kretyen20, pwezi rasin nan se pwezi Ayisyen ginen (ki kapab yon sèvitè tou, men se pa obligatwa). 

Pou nou idantifye yon tèks  kòm pwezi rasin, nou dwe jwenn yon signifiance21 vodoun (sètadi : dèyè mòn gen mòn),  yon chalè, yon atmosfè, yon dominans vodoun ki manifeste nan mak osnon kalite estetik vodoun ki anndan tèks la: tematik, leksik, vokabilè, vizyon, etik ak filozofi. Pwezi rasin gen yon chapant semantik vodoun. Degre dominans lan kapab fè nou  santi gen yon powèm ki plis rasin pase yon lòt.  Paregzanp, apati «intensité du degré de signifiance» vodoun oubyen ankò degre dominans vodoun ki anime yon tèks, nou kapab depareye, dekante diferan fòs tèks rasin yo (fò, mwayen, fèb). Se lè sa a, fòs signifiance oubyen fòs chalè enèji dominans vodoun an rantre pou esplike, jistifye, etabli yon estetik vodoun. Tankou nan Lasosyete Bonjou (Gérard Denoyers Montès, 2003),  Vwa zandò (Manno Ejèn, 2007) ak Masuife (Patrick Sylvain, 2013). Pwezi rasin souse nan sous vodoun (tankou teyat ak mizik rasin nan). Pafwa menm, kwayans vodoun sanba a pouse flè nan tout jwenti tèks la. (Egzanp : Carl Brouard, Boadiba, Tiwawa Goulo).

An final, reyalite vodoun an se pa yon maladi mantal (pathologie), se pa yon maladi nè (névrose), ni yon maladi lespri (psychose), tankou jan J.C. Dorsainvil (1913) ak Louis Mars ak Price Mars te pran li a. Se pa yon reyalite dwòg dwòl ki ta pwovoke yon eta (conscience altérée), ni se pa reprezantasyon imajinè dezi yon pèp (fantasmes) tankou «le pays rêvé» ki nan Pays san chapeau, (Dany Laferrière, 4e éd. 1996, p. 47). Si vodoun an ta yon (opium du peuple) pou sèten, li se yon machin rèv, rèv je klè pou sila yo ki pran je. Se yon reyalite reyèl ki louvri  batan pòt swa ni sou yon merveilleux vodoun, ni sou yon Réalisme merveilleux haïtien.

Nan sans sa a, devlopman tèks rasin anndan literati ayisyen, ki ranmase  epi ki ap pote vizyon vodoun an, ap toujou kanpe djanm ak tout payèt idantitè li, pou li kontinye paweze anndan literati monn inivèsèl la (selon swè René Victor te fè a). Depi yon grenn atis langay djò ayisyen ap pwodui zèv rasin, alò tandans rasin nan, an patikilye pwezi rasin nan ap toujou kapab naje alèz, nan laye inivèsèl tout kouran literè mondyal yo. Awochè nago! Ayisyen Nago sanba Ginen pa neye nan dlo andezo !

Jean-Robert Placide
jplacide@hotmail.com
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)
michelangehyppolite@rogers.com
Manm Sosyete Koukouy Kanada

Nòt

  1. Victor, René, Chansons de la montagne, de la mer et de la plaine, (ane 1930 yo), Montréal, Éditions Mémoire d’Encrier, 2007.
     
  2. Cailler, Bernadette, «L’efficacité poétique du vaudou dans Un arc-en-ciel pour l’Occident chrétien», nan The french review, vol LIII, no 1, octobre 1979.
     
  3. Desrivières, Jean Durosier, Quand le théâtre créole émane du vaudou,  5. avril 2012.
       
  4. Célius, Carlo Avierl, La création plastique et le tournant ethnologique en Haïti.
     
  5. Tcheke: Gifrants, Une brève description de la musique haïtienne, 5 desanm 2008, sou.
     
  6. N’ap jwenn chante lwa sa yo nan La musique haïtienne: chants vodou.
     
  7. Paske Rara a se yon evènman relijye vodoun. Al li: «Le rara et ses dérivés» ak Hudler Joseph, nou te li atik sa a jou 29 avril 2012.
     
  8. Gifrants  sou: http://www.potomitan.info/gifrants/dissection.php#vaudou.
     
  9. «Mizik vodou ann Ayiti» nan Mozayik, 2007, p. 83.
     
  10. «Mais un fait singulier a particulièrement retenu notre attention. Dans le répertoire de nos artistes de campagne, certains airs ne se prêtent pas aisément à la classification. Ils forment une catégorie mixte. Ils se rapprochent de la musique vaudouesque par leur mélancolie profonde, la langueur de leur rythme et ils se rangent dans les chansons rustiques proprement dites par leurs propos et les thèmes qu’ils évoquent. C’est précisément sur la base de cette observation que nous nous basons pour opiner que nos chansons rurales auraient en partie pris naissance par voie de différenciation, elles se seraient dégagées progressivement de la musique vaudouesque. Car, à l’interprétation, nous considérons ces chansons mixtes comme un flagrant délit d’évolution nous surprenons l’artiste paysan c’est à dire le chansonnier ou le bâtonnier, comme on l’appelle parfois, en train d’ajuster aux airs vaudouesques des paroles profanes notant un événement de la vie campagnarde.».
     
  11. «Chante pwen sou kasèt» nan Mozayik, 2007, p. 94 – 97.
     
  12. «Mizik vodou ann Ayiti» nan Mozayik, 2007, p. 81, 82.
     
  13. http://claudecarre.com/documents/music%20coutumieres%20haitiennes.pdf.
     
  14. Tcheke  Hudler Joseph, «Explorer le créole jazz», sou sit entènèt, nou te li li jou 29 avril 2012.
     
  15. «Teknik estetik nan oralti ak literati», na Pawòl kreyòl, 2013, vol 3, p. 159 – 169.
     
  16. Zumthor, Paul, Introduction à la poésie orale, Paris, Éditions du Seuil, coll. «Poétique», 1983.
     
  17. Bowra, C. Maurice, Chants et poésie des peuples primitifs, Éditions Payot, Paris, 1966.
     
  18. Joubert di nou: «Conformément à sa conception historique de l’histoire, Vico distingue trois âges de la poésie: elle est d’abord  hiératique (c'est-à-dire, qu’elle concerne les choses sacrées qu’elle s’apparente aux rituels), puis héroïque, enfin démotique». (Jean-Louis Joubert, Genres et formes de la poésie, Armand colin, Paris, 2004, p. 34).
     
  19. Beauvoir, Max G.,  Le Grand Recueil Sacré ou répertoire des Chansons du Vodou Haïtien, Port-au-Prince (Haïti), Edisyon Près Nasyonal, 2008.
     
  20. Gen gwoup atis kretyen, atis pou Kris. Epi, nan literati, gen ekriven ki rele tèt yo powèt kretyen oubyen atis kretyen (Egzanp: Yves Roy Pierre), oubyen tou ki devlope tematik kretyen (Egzanp : Émile Roumer, 1964, avèk Rosaire, couronnes sonnets).
     
  21. Cf. J.Kristeva, Seméiotikè, 1969.
     

boule

 Viré monté