Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK)

Adrès: 49, Boulva Toussaint Louverture, wout Ayewopò, Pòtoprens, Ayiti
Tel : (509) 3882-9527/ 3656-3186

KreyolLiti

Marvens Jeanty

Revi Kreyoliti
Apèl pou kontribisyon

Objektif

Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK) vle soti premye nimewo Revi Kreyoliti anba tèm Literati ak vyolans. Revi a se yon mwayen pou ankouraje pwodiksyon syantifik nan lang kreyòl la epi favorize regwoupman ekriven kreyolofòn yo.

SEREK lanse premye nimewo revi a sou vyolans kòm fenomèn sosyal pandan li ap konsidere literati kòm fenèt obsèvasyon.

Tèm

Literati ak vyolans

Agimantè

Vyolans se yon fenomèn sosyal ki kale nan divès rapò sosyal ki travèse evolisyon istorik sosyete a. Li pran divès fòm daprè kontèks  oubyen espas li ap deplòtonnen an. Konsa tou, divès aktè nan sosyete a viv li, reyaji, entèprete li sou plizyè fòm. Zèv literè yo, ki se yon mòd espresyon yon fòm atizay pa rete bèbè douvan reyalite sa a, plizyè kreyatè zèv literè oubyen pwodiktè zèv syantifik ki marande ak literati eseye mete kout penso pa yo nan tantativ pou abiye oubyen entèprete reyalite a.

Daniel Madelénat, nan liv ki rele Précis de littérature comparée (Pierre Brunel et Yves Chevrel, dir. 1989), rete kwè pwodiksyon atizay yo se pwodiksyon sosyal yo ye, kout penso, tout touch ki pou anbeli yo pa separe ak lantouray politik, relijyon, abitid ekonomik oswa tout kras panse ki ap dodomeya lavi nan sosyete yo. Se sou baz prensip sa a li ap eseye klise rapò literati genyen ak sosyete.

Konsa tou, nou kapab mande si vyolans lan kòm fenomèn sosyal pa fofile antre al chita nan gran salon nan lakou literati a? Jeneralman, vyolans lan kanpe tankou yon aksyon oubyen yon fason nou esprime yon atitid, yon konpòtman, yon santiman. Kidonk, vyolans lan kapab yon nwizans, yon aksyon anòmal parapò ak yon reyalite, oubyen yon egzajerasyon (Yves Michaud, Les Cahiers Dynamiques 2014/ No 60, pp. 30 à 36).

Men definisyon sa a kenbe nou anlè toujou. Difikilte pou rive sènen sa nou rele vyolans lan lakòz anpil fwa, chèchè yo oblije kole yon lòt mo ak vyolans lan pou yo ka pi byen sènen li (vyolans fizik, vyolans senbolik, vyolans sou fanm oswa gason, elat). Konsa, literati kapab abòde divès fasèt nan vyolans sa yo. Kòm egzanp, nou kapab konsidere  jan Jacques Stephen Alexis jwe sou tèt dwèt li ak masak ayisyen yo nan Repiblik dominikèn nan lane 1937 (Compère général soleil, 1982); Jacques Roumain ki fè yon kout flach sou vyolans ki kapab devlope nan vwazinay yo (Gouverneurs de la rosée, 1944); Marie Vieux-Chauvet ki ap lonje dwèt nan figi yon represyon politik (Amour, colère et Folie, 1968), Henry Kenol ki tann nan figi tout moun dividal vyolans ki ap devlope nan katye popilè yo (Désespoir des anges, 2009) pou nou site sa a yo ase.

Sant Etid ak Rechèch Kreyoliti (SEREK) rete kwè, premye nimewo revi sa a kapab pèmèt nou rasanble divès refleksyon sou fenomèn vyolans lan pandan li ap sèvi ak literati kòm pretèks.

Deskripsyon pwojè a

Pwojè a vize pibliye zèv tout otè (swa nan peyi Ayiti oubyen nan peyi etranje) ki ap ekri nan lang kreyòl ayisyen an epi ki entèrese ak tematik ki ap trete nan revi a. Atik yo ka pran fòm yon kritik tèks, yon sentèz oubyen rapò yon rechèch, tradiksyon, analiz yon fenomèn ki marande ak literati, oubyen tout lòt fòm pwodiksyon konesans ki gen rapò ak filozofi revi a. Revi a ap soti 2 fwa nan yon ane (chak 6 mwa), epi li ap pibliye sou vèsyon papye.

Pou garanti yon bon nivo syantifik, nan tèt revi a gen yon komite direksyon ak yon komite syantifik. Chak tematik yo ka egzije divès kalite espesyalizasyon daprè jan otè yo deside abòde yo, nan sans sa a, komite syantifik la ap gen ladan li espesyalis nan divès domèn: lengwistik, literati, istwa, sosyoloji, edikasyon, elt.

Kondisyon pou soumèt kontribisyon an:

  • Voye pwopozisyon kontribisyon an (1000 karaktè pou pi plis) 15 jiyè pou pi ta (li dwe gen ladan li: tit ak tip travay la, objektik, rezime). Voye li nan kreyoliti9@gmail.com.
     
  • Tèks la dwe ekri nan lang kreyòl ayisyen an.
     
  • Otè yo dwe soumèt kontribisyon yo 2 septanm pou pi ta (Fòma doc sou kreyoliti9@gmail.com).
     
  • Tèks la pa dwe ko janm pibliye okenn kote.

Òganizasyon tèks la

Tèks la ta dwe genyen soti 15000 karaktè pou rive 30000 (espas pa ladan l). Li dwe respekte fòma sa a:

  • Tit
  • Otè
  • Rezime (li pa dwe depase 1500 karaktè)
  • Mo kle: 5 mo pou pi plis
  • Entwodiksyon
  • Kò atik la
  • Konklizyon
  • Fòm ekriti: Times New Roman,
  • Gwosè lèt yo: 12,
  • Espas nan mitan  liy yo 1.5
  • Kontribisyon an dwe pèmèt nou idantifye byen klè: pwoblematik travay la, kad teyorik ki itilize a, epi metodoloji a.
  • Kontribisyon an ka pran fòm yon kritik tèks literè, rezilta yon rechèch, analiz sou rapò literati ak vyolans.
  • Sitasyon bibliyografik ki pi piti pase 3 liy yo dwe nan mitan gimè, ak presizyon sous bibliyografik yo (Non, siyati, dat, paj). Egz: (Marie Vieux-Chauvet, 1968, p.41).
  • Sitasyon ki depase 3 liy yo, dwe detache de tèks la  epi gwosè lèt yo ap pi piti (11).
  • Nòt nan pye paj yo la pou fè yon presizyon oubyen bay yon eksplikasyon espesifik.

Referans bibliyografik

Tout referans ki site nan tèks la dwe parèt nan bibliyografi a.

  • Pou site yon liv: Siyati, non, (dat piblikasyon), tit liv la, editè, vil, kantite paj.
     
  • Pou site yon chapit nan yon liv: Siyati, non, (dat piblikasyon), «tit chapit la». Nan Siyati, non (dir ), tit liv la, editè, vil, paj X-XX.
     
  • Pou site yon atik: Siyati, non, (dat), tit atik la, non revi a, No XXXX, pp X-X.
     
  • Pou site yon tèz: Siyati Non (dat), Tit tèz la. Tèz doktora kip a pibliye, Inivèsite, vil.
     
  • Pou  atik nan laprès: Siyati non (dat), «tit atik la»,  tit jounal la, dat piblikasyon, disponib sou: URL

Kalandriye aktivite a

Dat

Aktivite

 7 oktòb 2021 Lansman ofisyèl revi a
15 novanm 2021 Dat limit pou soumèt  avan pwojè travala
31 desanm 2022 Dat limit pou soumèt atik la
1e pou rive 15 janvye 2022 Premye analiz komite syantifik la
1e pou rive28 fevriye 2022 Koreksyon komite santral
18 mas 2022 Soumisyon revi a nan edisyon
26 jen 2022 Dat piblikasyon revi a

 

Kreyoliti pou yon pi bon kreyolizay !

*

 Viré monté