Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Emmanuel W. Védrine - Biyografi

Emmanuel W. Védrine

Emmanuel W. Védrine

Photo: E. W. Védrine Creole Project Archives.

VEDRINE, Emmanuel W. (Biographical Note : Indice Biographique) fèt (nan) komin Lazil (L’Asile), Ayiti Tonma (15 Janvye, 1959) nan seksyon kominal Tounad & Matyas (an fas Mòn Kabrit ak Nan Solin). Vale sa a te yon ti paradi nan tan lontan avan yo te debwaze tout kote Ayiti Cheri pou fè chabon voye vann Pòtoprens, yon pò ki gen lè te fèt pou prens... Wi, gran woman istorik li a, Sezon sechrès Ayiti (Saison sèche en HaïtiSeason of drought in Haiti Temporada de sequilla en Haití Temporada di sekura na Haiti) santre sout tout pwoblèm ekolojik sa yo, Lazil ak kèk seksyon kominal li pou sitiye zèv fiktif sa a, kote istwa a kòmanse dewoule.  --- E. W. Védrine fèt a de pa de 3 rivyè [Depen (Des Pins), Mawo (Mahot) ak Sèpan (Serpente) ki pa manje anyen frèt lè yo desann oubyen debòde. Rivyè sa yo fè yon sèl, a yon minit de lakay li (ki sou yon ti tèt mòn). Se la yo te plante lonbrik li ak yon pye kokoye sou li (pami 2 lòt pye kokoye) fas pou fas ak 3 rivyè sa yo, devan bayè kay la ki gen 3 gòl, toupre yon kalfou ki divize an 3 branch chemen... Li sove de jistès nan siklòn Flora ki frape Ayiti 3 oktòb (1963) lè yon pye kokoye kraze kabann li.  --- Se nan dlo sa yo tou li te konn benyen, tire lobe, kaya, pike nan basen fon pou fè lago (ak mango) ak timoun zòn nan... Malerezman, peyizan zòn nan konn ap priye Bondye pou lapli tonbe pou yo plante paske pa janm gen oken pwojè irigasyon pou ede yo wouze tè jouk jounen jodi… alòske dlo sa yo ap gaspiye, epi al abouti nan lanmè. --- Ti nonm nan kite komin Lazil an septanm 1969 pou al viv Pòtoprens (lè kapital la te plizoumen pwòp, e an sekirite) kote l te rete bò (ansyen) Sine Lido, toupre Pòtay Lewogàn. --- A laj 17 (an fevriye 1976), ti jennonm nan kite Ayiti abò avyon Pan Am pou al viv nan peyi Etazini, kote paran l t ap viv depi oktòb 1974. --- Kote l ateri (nan) èpòt Miyami an, lapoula imigrasyon enprime kat rezidans li ba li. Yo te rele l green card alepòk paske se te yon idantite koulè vèr. --- Syantifik ayisyen e karibeyen, bibliyograf, chèrchè, edikatè, editè, entèprèt, konseye (ansyen asistan konseye nan Boston Public Schools – Haitian Bilingual), leksikològlengwislidè e òganizatè kominotè, kritik literè, pansè, tradiktè, e ekriven pwolifik (eseyisgrameryenpowèt, womansye e dizè (odyansè, rakontèd istwa), E. W. Védrine ale nan inivèsite nan peyi Etazini e an Ewòp. Li jwenn BOUS D ETID nan: University of Massachusetts-Boston (pou Etid Avanse nan «Edikasyon Bileng»), University of Rhode Island (pou Etid Avanse nan «Etid Ispanik e Literati»), Harvard University (pou Etid Avanse nan «Teyori Lengwistik», pwogram PhD /doktora), Indiana University (pou Etid Avanse nan «Lengwistik Fransè»). --- ETID (PREMYE SIK INIVÈSITÈ) nan Lang Womàn & Literati, Edikasyon, Lengwistik Jeneral, ak Syans Sosyal, University of Massachusetts-Boston. --- «G.T.P» Graduate Teachers’ Program (PWOGRAM DEZYÈM SIK POU ANSEYAN), Pedagòg Lisansye (Lisans G7 a G12),  Eastern Nazarene College (Quincy, Massachusetts, USA. 1990). Etid Alman nan  Goethe Institute, vil Boston. --- Li kòmanse anseye nan Lekòl Piblik Boston Public Schools (1987) kòm Pwofesè Syans Sosyal (Istwa AmerikènIstwa MondyalKilti e Lang AyitiPreparasyon /Oryantasyon Karyè) e Lang Etranje (kreyòl, fransè, espayòl). Mèt konferans (ou Konferansye) nan University of Rhode Island, Dept. Espayòl, kote l anseye espayòl). Pwofesè fransè e espayòl nan St. Gregory High School (Boston, Massachusetts). Mèt Konferans e Chèrchè Asosye nan Indiana University­-Creole Institute (1999-2001, Depatman Fransè & Italyen). Pwofesè lang etranje nan Boston Language Institute (Boston, Massachusetts). --- PROGRAM ECHANJ AN EWÒP avèk University of Massachusetts (BostonAmherst), e avèk University of Rhode Island an Espay (Colegio de Espanña, Salamanca: 1982, 85, 87, 89 (diplòme nan Etid Ispanik), 90, 95). --- ETIDYAN AN VIZIT: Frans (Université Sorbonne, Paris (1982); Sainte-Étienne et Marseille (1989); Pòtigal (1982, 85, 87, 89, 90); Meksik (UNAM /Universidad Nacional Autonoma de México, 1983. Rechèch sou teren sou lang espayòl nan peyi Meksik);  Espay (Universidad de Salamanca: 1985, 87, 89); Itali (Wòm 1982, Verona 1985); Otrich (Vyèn, 1989); Almay (Freiburg, 1989); Suis (1989). Etazini (University of Massachusetts-Amherst (1991, Dept. Espayòl) • FONDATÈ & REDAKTÈ AN CHÈF «E. W. Védrine Creole Project» (1992), yon pwojè piblikasyon ki santre sou developman Materyèl Pedagojik /Didaktik pou Pwogram Bileng Ayisyen (Nan dyaspora, e an Ayiti) e pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen • CHÈRCHÈ E EDITÈ AN REZIDANSIndiana University (1997, Dept. Fransè & Italyen (FRIT) & Enstiti Kreyòl Indiana University). --- KONTRIBISYON KÒM EDITÈ: • Chapter 766 (Boston Public Schools), Bilingual Translator & Editor) • Indiana University Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (Native Speakers Editing Team) • Cambridge Brick House Hispanic EditorsPimsleur Language TrainingMIT2 - Mason Integrated TechnologySimon & Schuster • Sipèvizyon University of Massachusetts-Boston Language Lab. --- PIBLIKASYON (ZÈV KONPLÈ OTÈ A): «Twenty Five Years of Research and Publications on Haiti, the Haitian Diaspora and Haitian Creole» (25 Vennsenk Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti, Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl Ayisyen). --- REFERANS PIBLIKASYON (nan antoloji, revi, jounal, mezon d edisyon, paj wèb): Anthology of Haitian poets of Massachusetts, Bon Nouvèl, Boston Haitian Reporter, Educa Vision, CreoList Archives, Haiti 2004, Haiti Courrier, Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (Indiana University), Haitian-English Dictionary (University of Kansas), Haitionline.com, Haïti en Marche, Haïti Progrès, Haitian-American Souls (antoloji), Haitian-American Tribune, Haitian-American News, Istwa Pwezi Kreyòl (antoloji), JKA (Jounal Kreyòl Ayisyen), Journal of Pidgin & Creole Languages, Komè, Kreyòl Connection, Kreyol.org, Le Matin, Le Nouvelliste, Libète, Love and other poems by Haitian Youth (antoloji), MIT2 Marilyn Mason & Wikipedia Kreyol, Orèsjozèf Publications, REKA, Revolution Revolution Revolution (antoloji), The Creole Connection, Potomitan.info, Prisma (revi literè, University of Massachusetts-Boston), Soleil des Iles (revi literè, Montreal), The Nations Tribune, Soup to Nuts, SICRAD, Tanbou.com, Trilingual Press, The Mass Media (University of Massachusetts-Boston), Voices of the sun (antoloji), Windowsonhaiti.com, SEDRA… ENTERÈ L NAN RECHÈCH & AKTIVITEAtelye Ekriven, Kwouz bato, DebaEdikasyon Bileng, Ekriti Kreyatif, Devlopman Materyèl Pedagojik /Didaktik, Kan d Ete, Lengwistik (kreyòl, fransè, e ispanik), Literati (kreyòl, frankofòn, ispanik, literati ayisyen dyaspora : littérature haïtienne de la diaspora : Haitian Diaspora literature), Natasyon, Siklis, Tradiksyon, Trening & Oryantasyon Lajenès. --- Kèk pwofesè kle e konseye E. W. Védrine (pou Lang, Lengwistik ak Literati): • Albert Valdman (Ph.D, 1960, Cornell University) -- Lengwistik Fransè & KreyòlClement A. White (Ph.D, 1989, Brown University) -- Literati Amerik Latin & KarayibEsther Torrego (Ph.D, Universidad de Madrid, España (Espay) -- Lengwistik Jeneral & Ispanik) • Jeanette Grillet Ambrose (PH.D – Université Sorbonne, Linguistique & Étude Française) ki montre gran enterè nan etid ak lengwistik kreyòl, e ki te motive l pou l te kòmanse fè rechèch sou lang matènèl li (kreyòl) • Juan C. Zamora (Ph.D, State University of New-York at Buffalo – Lengwistik Ispanik, seminè an Espay) • Ricardo Navas Ruiz (Ph.D, 1959, Universidad de Salamanca, Epaña (Espay) -- Interview : Entrevista -- Colegio de España, International Spanish Program – Lengwistik Ispanik, Literati Espayòl e Literati Amerik Latin) • Robert H. Spaethling (Ph.D, 1959, University California-Berkeley, Lang & Etid Alman --- Ansyen animatè Emisyon Radyofonik Ayisyen «Chache Konnen ak Védrine» (Boston, 1996-1997), yon emisyon ki baze sou Rechèch & Kritik literè, (atravè Haïti Diaspo Inter 1330 - Boston, Massachusetts). E. W. Védrine resevwa «Sètifika Lidèchip» nan University of Massachusetts-Boston (College of of Public and Community Service /CPCS - CIRCLE Program), 1997). --- Nan prentan 2003, E. W. Védrine reprezante Ayiti nan Konferans Lengwistik Entènasyonal an Giyàn Fransèz (sou envitasyon IRD - Institut de Recherche pour le Développement), tèm konferans lan te: «Écrire les Langues de Guyane», kreyòl ayisyen figire pami 11 lang ki pale an Giyàn Fransèz. Li resevwa «Official Citation» / Onè ofisyèl Dwayen Zafè Etidyan, University of Massachusetts-Boston pou sèvis li rann inivèsite a (1984-85) epi plak d Onè Negritude Society (University of Massachusetts-Boston) pou rechèch sou lang kreyòl. --- LOMEYANS POU OTÈ A (anglèfransè). --- De 2016-2017, E. W. Védrine anime fowòm « Ayisyen Ini nan Kiraso : United Haitians of Curaçao» (Benito Desroches, ansyen kandida pou palman Kiraso, fondatè fowòm nan). --- Depi 2017, E. W. Védrine ap anime yon ribrik edikatif atravè rezo sosyal yo ki rele «Edike Ayisyen Ayiti, e Ayisyen nan Dyaspora : Educating Haitians in Haiti and Haitians in Diaspora». --- Daprè li, siksè l kòm ekriven kreyolofòn se ki valè materyèl edikatif li ka pwodui nan lang matènèl la, kreyòl, pou itilizasyon gratis yo nan edikasyon pèp ayisyen men se pa ki valè lajan li pral fè ak yo.--- Li resevwa ewad Guest Speaker of the Year Award òganizasyon ITIAHaiti (desanm 2020, Boston, Massachusetts). E. W. Védrine ap viv ant Nouvèl Angletè e Karayib la.

* * *

Viré monté