Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

An n vote ak konsyans, pa sou emosyon!

Emmanuel W. Védrine

29 mas 2021

EnglishKreyòl

Anpil fwa, pèp ayisyen vote lidè ki pou vin dirije l sou emosyon, men pa sou refleksyon. Kisa sa vle di? Sa vle di, etan moun k ap vote yon kandida, nou dwe pran san nou pou n pase kandida sa a an revi. Nou dwe chache konnen byen kilès li ye, kote l kanpe (èske se yon kandida aganman, blofè, dan griyen, dasomann, dwategoch, lamayòt, patri-pòch, tyoul, woulibè?), travay pozitif li fè nan sosyete a deja… Nou ka poze kesyon sa yo tou:

  1. Èse se yon moun ki gen moral?
     
  2. Kisa moun (ki konnen l) di de li kòm temwayaj?
     
  3. Kisa kandida sa a fè deja nan sosyete a ki pozitif?
     
  4. Ki travay li fè deja pou ede lajenès, pou oryante lajenès nan bon direksyon pou vin lidè efikas demen?
     
  5. Kòman l ye ak tout moun?
     
  6. Èske l montre respè pou tout moun?
     
  7. Èske se yon moun ki montre sajès nan tout bagay?
     
  8. Ki vizyon l pou lajenès ki pèdi espwa nan lidè ayisyen, sèl rèv yo se kite Ayiti ki pa ofri yo anyen?
     
  9. Ki vizyon l pou devlopman Ayiti a nan 20 ane k ap vini yo?
     
  10. Kijan depi o depa li abòde koze enfrastrikti esansyèl ki dwe tanmen tanmen nan kad devlopman Ayiti?

Nou te ka kontinye poze plis kesyon, yon dal ak yon pakèt, men nou jis vin ak kèk yon fason pou reveye konsyans moun k ap vote sou emosyon san ke yo pa reyèlman konnen kandida a, pou kèlkeswa pòs l ap fè kanpay (majistra, depite, senatè, prezidan). Se pa lè kandida sa a foup li parèt ap distribiye kèk anvlòp lajan oubyen kèk ti sak diri pou pwopagann, epi pou n kouri di se pou moun sa a nou dwe vote. La a, si nou pa reflechi, enben n ap vote ak emosyon, n ap vote pongongon.

Anpil fwa, se konsekans sa a pèp ayisyen ap peye, paske kandida sa a pa t kanpe sou anyen serye. Li pa gen yon pase ki klè, ni tou nou pa t al fouye vè nan kalalou pou konnen kilès li ye. Li pa janm pibliye Curriculum Vitae li (C.V) oken kote, dekwa pou tout moun ta gen yon ide de pakou l (edikasyon l, travay sivik li fè nan sosyete a deja, sa l reyalize nan sosyete a pou konvenk sitwayen ki pral vote, èske dwèt li long).

Nou dwe vote ak konsyans lè n ap vote yon kandida pou nenpòt pòs. Sètadi, li enpòtan pou n pran tout bagay sa yo an konsiderasyon, pou n byen analize kote yon kandida kanpe sou tout pwen avan n ta deside lage yon bilten vot pou moun sa a.

VOTE AK KONSYANS!

Alo Ayiti Cheri! Alo o! Wi se mwen...
Wi pitit ou nan dyapora a…
Wi, se yon long distans!
Se yon mesaj mwen gen pou ou:
Di pèp la al vote jou eleksyon.
Di l pa panike, al vote!
Jan l Pase l Pase!

Pa rete andedan kay,
Di yo al ranpli devwa sivik yo jou sa a!
Fòk nou vanse kote n rive a!
Di yo vote demokratikman cheri!
Di yo pa vote kandida pou kleren.
Vote ak konsyans!

Vote yon kandida yo panse ki kapab pote yon chanjman,
Vote yon kandida ki kapab travay pou byennèt Ayisyen,
Vote yon kandida ki gen mwens twou nan manch!
Di yo fè sa ak lòd cheri!
Suiv lòd ofisyèl yo ak lapolis jou sa a pou montre yo sivilize.
Pa fòse yon moun vote yon kandida jis pou pwomès.
Vote dapre bon jan enfòmasyon yo genyen de kandida a,
Youn yo panse ki ka fè yon diferans tande.
Bòn chans a kandida ki va monte a!
Jan l Monte l Monte!

Pa bliye se prezidan tout Ayisyen (kapitalis, kominis (fo, vrè),
maksik (fo, vrè), opòtinis, pòv, rich, sosyalis (fo, vrè) li pral ye.
Tout se pitit Sò Ayiti ki renmen yo malgre jan yo ye.
Donk ou va di l fè tout posib li pou fè yo travay ansanm
Dekwa pou sove lonè lapatri.
Di yo al vote jou vòt la, toutoun!
Oke, m ale cheri!

(E. W. Védrine)
Koleksyon: «Kri pou liberasyon»

* * *

Tèks anekse

VEDRINE. Emmanuel W.

*

 Viré monté