Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Idantite n se fyète nou ‘’Nou se ayisyen’' Klass

Orso Antonio Dorélus ''Art-Gens''
Etudiant en Histoire de l'Art et Archéologie
IERAH/ISERSS(U.EH) 3899-8376
dorelusorsoantonio@ymail.com
Manm Regwoupmanekrivenkreyòl, Tanbou-literè ak
Atelye Akasya

Anvan pou nou nan chache konnen kisa denmen ap pote, mwen kwè li ta bon, si nou ta vire tèt nou gade dèyè, anpi founi je gade sou prezan nou. Konsa nou t’ap gen ase jèvrin pou fè faskare ak demen pou nou konnen kiyès nou ye toutbon anpi konnen kisa demen va pote vrèman.

Yon moun ki konpoze chante li avan tou yon Powèt, Yon Sanba. Menm si souvan nou inyore sa. Paske konpozisyon li yo, li pa enteprete yo lapoula, men li ekri yo sou yon sipò. Kou di pawòl la: pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman. Gen yon atis yo rele BIC, li chante tèks li pandanstan li fè liv ak yo, liv la rele MAGNE-BIC… Eske nou kapab di li pa Powèt pou sa? Sinon ki lè yon moun se Powèt oubyen ak ki linèt nou dwe gade pou wè si yon moun se Powèt?

Lang se mwayen ki penmèt yon moun panse, kominike ak zòt la, pou boukante lapawoli oubyen lide, tankou: pale sou lavi, sou pwoblèm, sou tout sa yo wè ak sa yo santi nan vivasyon yo. Kidonk, lè  moun yon ap pale, pale li di kiyès li ye? ki kote li soti? oubyen ki plas li okipe nan kouran sosyal la? Se menm jan yon Atis-plim(Powèt, Ekriven...).

Yon Ekriven se moun k’ap founi je gade pou li mete sou papye sa li wè, sa li tande ak sa l’ap viv nan kotidyen li. Li se yon temwen! Nenpòt moun ki ta renmen genyen yon enfòmasyon sou yon evènman, sou yon peryòd, annik ouvri èv atis yo anpi ou pa fouti pa jwenn sa ou bezwen an. Paske yon atis se yon kasèt-vyèj k’ap anrejistre pou lavi diran.

Yon ekriven se yon atis-plim. Paske se menm itinerè a y’ape rapousuiv, ki se kreyasyon ak pwodiksyon. Avèk anpil savwafè k’ap dekriyesansibilite ak kout lank li, pou trase vèvè sou papye nan lide pou pote yon mesaj, yon nouvèl ki gen pou sèvi chak moun suivan jan yo konprann kesyon an. Nou kapab di tou, yon atis-plim se yon britounan, ki la k’ap fè pase fristrasyon, valeryann oubyen maltretans yon popilas, k’ape dekri sitiyasyon aktyèl la pou eveye konsyans dividi ki konsène yo, ki responsab yo, mete li douvan yo tankou yon tablo, yon miwafasmajik pou yo gade san pèdi yon yota. Konsa, sa mande anpil talan ak anpil ladrès mezire opwèlyèm pou yon moun ekriven oubyen yon atis-plim.

Mizik se yon fòm atizay ki gen kominikasyon dirèk ak nanm, kap dekri aktyalite a ojoulejou. E se limenm nou fredonnen pi fasil, nou konprann pi vit. Li gen pouvwa pwofilaktik, paske li kalme lespri ki twouble ak nanm ki ajite.

Se konsa nan mizik Nou se ayisyen an, atis la ap prezante nou Ayiti, mennen nou nan kalfou idantite, fè nou konprann dimansyon ayisyanite nou. Yo toujou di chak epòk pote pwòp atizay li, pwòp  enspirasyon pa li, sitou lò atis la marye ak sosyete li, peyi li pou eseye konstrui yon èv atizay ki pou reponn ak egzijans sosyete a oubyen raple yo devwa yo oubyen denonse sa ki pa korèk. Kidonk, yon pwodiksyon angaje. E se sa nou gen devan nou la a nan mizik sa a, yon enspirasyon ki anchouke nan reyalite ayisyen an. Mizik la se yon mizik gwoup Klass, konpozitè li se Jean-Hérard Richard alyas Richie, maestwo ak batè gwoup sila. E atis ki chante li a rele Eder Stanis alyas Pipo.  NOU SE AYISYEN, soti nan albòm FE L’ VINI AVAN ki gen 11 pyès oubyenkonpozisyon sou li, ki te soti nan mitan mwa avril 2013 la nan yon estidyo nan vil Miami.

Se yon mizik ki genyen yon sanbilite rèdchèch ladan li pou raple nou yon pase nou bliye ki kouche anndan nou. Sitou jan li koumanse ak woulman batri a ki fè w sonje yon tanbou asòtò k’ap rafle repozwa lenvizib. Batri a fwape an mach militè. E mach militè raple  faz defans oubyen atak. Ak tanbou yo k’ap pote kontretan an pou chita emosyon an, pou lonnen okèstrasyon an an douslin, Yon gita  k’ape trenke, k’ape rousiye, k’ape sasiyèt mizik la pou pote maj sansib la, nan yon rit pye-sa-m-manje-m-pa ba-w ki fè w anvi pran zanj, bas la k’ap wonfle tankou yon bann apye k’ap gonfle lestomak. San nou pa bliye liy van an ki an chalkalis k’ap parèt tanzantan pou ogmante asib sansibilite a, pou pote graten sakre a. Saks la pral sizle tout nanm ki bezwen abite nan linivè mizikasyon,  melodi oubyen mizikasyon ki nan vwa atis la k’ap pote mesaj la marye ak chamantiz Ezilifreda pou fè moun koube anba yon karès ki pote chanalite, yon amoni byen mezire pou remonte zetwal atlantik. S'on im pou revòlte konsyans, s'on konpa mache pran yo!

Kou di pawòl la: Nan atizay se pa di pawòl la ki konte men se jan w di li a, jan ou modle li a ki enpòtan. Paske, se sa ki pral kreye bèltiz la, bèlteyis la pou kontanplasyon an. Se konsa, nan tèks sa a malgre nou an prezans yon konpozisyon k’ap tradui oubyen rakonte nou yon pwoblèm men sa pa anpeche nou danse oubyen eprouve lajwa pandan n’ap koute li. Paske jan amoni an ye a, li pote mak fabrik twopikal. Menm jan lòt la ta di: n’ap korije defo yo pandan n’ap griyen dan ansanm. Sitou mizik popilè nou yo, ki se yon kreyasyon atizay ki la pou danse, ki la pou fè moun voltije, paske se yon mizik ki pran nesan nan rasin memwa lafrik, kote chan an, mizik la, melodi an rete soude ak mouvman kò dividi a anpi bouch dividi a oubyen mimaj la.

Tèks sa a di nou se pou nou pran konsyans de pase nou, ayè nou, pou nou rete kole ak idantite nou, valere memwa zansèt nou yo. Konsa, nou va jwenn ase fòs pou n konstrui karaktè nou ak materyalize rèv zansèt nou yo, pou nou kapab genyen yon peyi ki peyi toutbon vre, e ki rele nou chèmèt chèmètrès.  Otreman li poze yon pwoblèm sosyo-kiltirèl e politik. Alòs se yon mizik angaje! Ki enskri nan yon demach sosyete, ki gen yon pwojè sosyal, sa vle di ki genyen  yon finalite pratik. Paske li pa rete senpman nan estad kontanplasyon li pouse w aji, eveye konsyans sitwayen ou. Ann ale nan pawòl mizik la.

Se nan solèy la mwen benyen/ Lè mwen leve lèmaten/ Nan lawouze m badijonnen/ Mwen fyè ke m se ayisyen /Rasin mwen plante an Afrik/ Yo te mennen ladan kou tibourik/ Men zansèt mwen te lite/ Pou ban m libète ak fyète

Depi lò zansèt yo te fin kite tè lafrik pou te vin danggoye latè isit, nan zile Kiskeya, travèse basen atlantik kote istwa nou te koumanse pran chè, anpi  lank nou te koumanse ap trase vèvè pou bat chalbari dèyè zantò. Konsa aprè senk syèk ap chache yon sitwayènnte, nou tache listwa tè sila ak san nou, ak kouraj nou pou li te rele nou chèmèt chèmètrès. Se vre nou pa moun isit, se vre se moun vini nou ye, se pou yo te kapab fè biznis yo te mennen nou isit. Men nou se pitit solèy, pitit latè kote nou pile, se vèvè ki donnen pou lavi nou pran ralonj. Wi, aprè senk syèk kalamite anba grif kolon, papa nou fouti fonde yon nasyon, kanpe yon peyi nan figi yo avèk mayifisans onè anpi merit. Kidonk, noumenm jounen jodi a k’ape viv sou moso zile twopikal sa a, nou se rasin moun ki gen kouraj ak diyite, nou se pitit moun gran bitasyon, pitit kòk kalite e nou fouti frape lestomak nou douvan tout lòt nasyon.

Nou pa ras moun san listwa, nou se pitit vanyan gason ak fanm vanyan. Se mete gason ak fanm sou nou pou nou konstrui peyi nou, pou nou remanbre peyi nou. Ann sispann rete tankou zonbi analfabè douvan bawon samdi k’ap tann jistis. Nou se eritye yon bann gason-kanson, fanm ki gen jipon, ki pa mete pantalon ak wòb pou bèl twal, e yo te mete tèt yo operildèzam pou yo te ban nou bou tè sa a, pou n pa t rete anba fyèt kolon nan lesklavaj.

Nou tèlman pa pran konsyans de sa, nou lage mantal nou bay sila  papa nou ak manman nou te chase nan bitasyon an pou movèzfwa, pou chòche, anpi se nan men yo nou lage demen nou… wi! nan men sila ki te lenmi papa ak manman nou. Pa gen anyen nou vle fè san nou pa mete zantò sa yo ladan oubyen se yo ki gen kontwòl lavi nou, vivasyon nou, pou ba nou dikte. Non! Moman rive pou revolisyon an fèt, pou nou montre nou se pitit Desalin, kapwa, Kristòf, Petyon elatriye. Se nou ki pou granmoun tèt nou. E si nou konsyan de pase nou, medite sou li anyen pap mistè pou nou…nou se ras moun bèl mèvèy!!! E se priz konsyans sa a vese ki anba yo envite fe:

Frè m ak sè m pinga n reziye n/ An nou chaje konn kisa k bloke n/ Se vre chenn nan te soti nan pye n/ Men nou toujou esklav nan panse n/ Pran almanak ann chèchè yon dat/ Nou bezwen yon lòt milwisankat/ Zansèt nou yo te fè li deja/ Li nesesè pou n refè l jodi a

Nou sibi anpil pèsekisyon, anpil move moman anba kolon yo, anpil kalamite, anpil anvayisman, anpil mechanste sou tout fòm. Men zansèt nou yo toujou la pou pote nou sekou, ba nou fòs ak ladrès. Konsa, atis la ap raple nou kote  rasin nou anchouke, pou sa nou ye ak sa nou reprezante nan listwa, nou dwe mache tèt-drèt pou nou kapab di jenerasyon k’ap vini an kilès yo ye. E nou dwe di yo sa ak deteminsyon anpi ak anpil fos lè yo poze nou kesyon sou idantite yo, sou valè yo kòm pitit Ayiti: di yo  yo se ras moun ki donnen lanmou ak lalibète, yo se premye Repiblik nwa endepandan, fè yo grandi anba ideyal papa nachon an. Nou dwe rakonte yo listwa peyi yo, pou yo kapab konnen tèt yo pi byen anpi pou yo aji ankonsekans. E nan kat dènye vèsè sa yo, atis la envite paran yo pou pran responsabilite yo douvan lajenès, montre yo devwa kòm sitwayen.

Yo kolonize n plizyè fwa/ Sou yo nou toujou jwenn viktwa/ Nou se yon pèp ki gen listwa/ Nou se yon pakèt grenn ak bwa/ lè pitit mwen mande m papa/ Kiyès mwen ye? Mwen gade li nan je/ Ak ponyet mwen konsantre/ Mwen di l cheri se ayisyen w ye.

Pawòl la di: yon sèl dwèt pa manje kalalou. E pawòl sa a soti dirèktemen nan kilti nou, nan rasin nou, nan fenfon memwa nou. Paske se fòs  zansèt nou yo te mete ansanm pou yo te kapab ponn milwisankat. Kidonk, divizyon se pwazon! Jounen jodi a nou bliye valè inite sa a, inite fondalnatal sa a, valè ki pote fyète nou an, nou pito divize! Alòs ann mete nou ansanm pou leve eskanp figi peyi nou, Ann sispann viv an grennsenk. Konsa, van chanjman an va soufle nan mitan nou, pou nou gen yon nasyon toutbon! Fòs nou se nan linyon li ye! Malgre yo mete anpil vye tewori nan tèt nou, ki mal patche ak reyalite nou, nan objektif pou yo fè n pa janm konnen linite ak pwogrè. Ann di non! Non fout!

Mèyè taktik nan batay se lè ou kapab sonje tout sa ou te aprann pou w vide advèsè a atè. Menm jan nan film nou konn gade, lè bandi ap sapata aktè a, aktè a wè se twòp atò, li fè yon vizyon pou li tounen nan pase li, nan seri fòmasyon li te pran pou rafwechi memwa li, anpi pou bay bandi a monnen pyès pa li. Se konsa, depi nou sonje kote nou soti, kote rasin nou plante nou va pote laviktwa. E pa janm bliye sa nou ye ni sa nou reprezante, paske se sa ki sous delivrans nou, idantite yon moun se yon fè cho ki tanpe jouk nan nannan zo. Sinon animal ap nan mal pi rèd!

Yo kolonize n plizye fwa/ boure sèvo n ak fatra/ Sa fè n dezakòde/ Men pi vit nou rive aksepte sa/ Se pi vit nou pral ka chanje sa/ Ann ale/ Toujou toujou sonje/ Nou se ayisyen/ Se sa nou ye/ Nou fyè nou se ayisyen/ Nou pa vle sa chanje/ Nou se ayisyen/ Sa pap chanje/ Nou fyè nou se ayisyen/ (Pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl)

Konsa, Ayiti ap toujou rete yon rèv ki poko janm ape ponn si tout fwa nou pa vle pran konsyans pou konnen kibò nou soti, kilès nou ye, pran konsyans istwa nou ak bitay nou pare pou nou rive jouk isit.  Nou fenk kare nan pita pi tris, nou fenk kare tou pran nan move siyal!!! Paske Ayiti se konsyans chak grenn ayisyen ki pou sove li. Ayiti se peyi zansèt nou yo te ban nou e li dwe priyorite nou. Men, si se jan konpozitè mizik Priyorite a dekri sosyete nou an se konsa li ye vrèman, nou poko prè pou nou fè yon biznaw! Paske se echèk nou n’ap koutwaye, anbrase, domi-leve ak dodomeya ak li. "Nou se ayisyen" Sa ki vle di, se lè nou va rive wè dabò Ayiti kòm moun, se lè sa nou va rive nan chimen chanjman. Devlopman yon peyi se pa nan bati gwo otèl, bèl ayewopò....men se nan devlopman moun nan devlopman sosyal, fòme karakte moun. Mizik sa a ta dwe pase chak jou, tout tan, e tout moun ta dwe tande li, sitou ayisyen konsekan. S'on im pou liberasyon mantal!!!

Sepandan, malgre tout sa ki di ak rakonte nan tèks la, sitou pawòl ki di nou dwe/bezwen yon lòt milwisankat la, li pa di nou kijan n’ap fè li, mwayen pou nou itilize pou nou akouche li ankò. Petèt se menmjan oubyen parèyman pou nou ta refè lot milwisankat la? Men se pa menm epòk la.  Anplis, se si lè nou fin fè lòt milwisankat la menm biznaw yo te fè sou monche Lanperè a refèt ankò? Oubyen pou n ta pi mal pase jan nou ye jounen jodi a? Tèt chaje! Fèy listwa gen listwa pou rakonte mezanmi! Annatandan nou se Ayisyen… ann montre sa ak fyète anpi diyite pou nou valere sa! Nou se ayisyen, li lese a de entrepretasyon, swa pou raple nou oubyen pou kòmande nou ki sa nou ye. Men kòm li pa gen pwen eksklamasyon an dèyè li, li se yon rappèl. Kontrèman ak chante Boukman Eksperyans lan(Ayisyen nou ye) ki limenm afime nou esens nou.

Ayiti se tout sa ki antoure nou, se tout sa ki temwen nou ojoulejou nou. E konsyans sa a dwe abite nan nou, sinon lè nou panse nou rive oubyen n'ap vanse pou n di bagay yo nèf poutan se nan move siyal ak boutlèg nou pran. E lè sa a nou pap ka di way si etranje ta torinn peyi a nan men nou. Ann mete peyi nou avan, fè Ayiti cheri vini avan pou n pa sanble pitit deyò. Sinon li va fèmen pòt sou nou, lè sa a nou pral kriye nan lòt lang pou n di: U don't want me'' san bliye lè Ayiti tap di enmenes-moi a se noumenm ki pat vle mache ak li. E lè sa rive pa mande moun penga kriye. Ayiti dwe priyorite nou paske nou se ayisyen!!!

Orso Antonio Dorélus ''Art-Gens''

boule

 Viré monté