Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Teknik pou fòmile yon sijè rechèch pou tèz,
e oryantasyon bibliyografik

Emmanuel W. Védrine

Photo courtesy: Fessando Suffren.

20 avril 2021
mizajou 5 me 2021

EnglishEspañol • Kreyòl

Èske w pran yon kou deja sou metòd rechèch e oryantasyon bibliyografik (an n di nan domèn lengwistik pa egzanp)? Èske w janm pran an konsiderasyon pwa bibliyografi genyen nan tout domèn rechèch? Kisa w ap eseye pwouve nan yon rechèch? Ki metòd ou pral itilize pou atenn objektif rechèch sa a?

Nou poze kat kesyon sa yo nan kòmansman atik la, yon fason pou satouyèt lespri. Nou te ka vin avèk plis toujou. Pou etidyan oubyen pwofesè nan inivèsite an Ayiti, depi yo gade tit atik sa a, anpil ka ap pouse katchil (panse), grate tèt, e antre nan fondèt imajinasyon. Gade atik Koudèy sou edikasyon siperyè Ayiti : yon lòt etap apre nivo segondè, seksyon sou «memwa de sòti ou mémoire de licence». Pou etidyan nan inivèsite ameriken, se pa tèlman yon tèt fè mal lè y ap pale de rechèch, fè rechèch, e metòd pou fè rechèch.

Depi nivo elemantè nan peyi Etazini, yo kòmanse montre elèv kijan pou fè rechèch (sou diferan sijè). Pa gen kesyon bat pakè tankou elèv nan lekòl Ayiti (pou vin resite nan klas, san konprann sa y ap resite a anpil fwa nan yon lang ki pa lang natif natal yo). (Anseyan) Ameriken, nan nivo sa a, pa antre ak yo nan teyori (abstrè); sa se pou nivo inivèsitè pi devan. Annatandan, anfaz la ta pito sou pratik. Mèt oubyen metrès la vin nan klas la ak yon lis pwojè pou gide oswa ede yo. Konsa, endividyèlman, yo menm yo kapab chwazi sou ki sijè yo ta renmen travay. Yo rele sa pwojè (yo gen pou prezante l devan klas la, esplike l, san bat pakè).

Bibliyografi— Sous yo pral gade, li e envestige pou pwojè (yo chwazi travay sou li) a. Sètènman, anseyan an kapab ede yo, fasilite yo jwenn bibliyografi pou gade, tout materyèl ki disponib an liy (ou sou entènèt la) nan kad pwojè y ap travay sou li a. Chak lekòl Etazini (nivo elemantè, mwayen, segondè, e inivèsitè) gen yon bibliyotèk ladan. Chak minisipalite oubyen komin kote elèv la abite, gen yon bibliyotèk piblik. Elèv la ka travay sou pwojè l ladan; li ka prete liv, dokiman, materyèl (odyo, vizyèl, odyovizyèl) tou pou fè rechèch san pwoblèm.

O nivo inivèsitè, nan peyi Etazini, li pa obligatwa pou ekri yon tèz de sòti pou nivo lisans, mastè (metriz). Gen kèk pwogram mastè kote etidyan an ka prezante yon tèz, men se ta yon opsyon (si etidyan an vle vin familye ak rèchèch avanse, si l ap kontinye pou nivo doktora kote l obligatwa pou prezante yon tèz, alesepsyon etidyan an dwa e an medsin ki pa gen obligasyon tèz pou prezante byenke se yon diplòm doktora (J.D – Juris Doctor, Doctor of Jurisprudence; M.D – Medicinae Doctor (laten), Doctor of Medicine) y ap gen tou.

Depi premye sik inivèsitè (nivo lisans, oubyen sa yo rele bachelor level Etazini, Kanada…), li obligatwa pou tout etidyan pran kèk kou ki prepare, oryante yo pou rechèch, metòd pou fè rechèch, bibliyografi pou konsilte (tout sa k pibliye nan domèn lan: tèlke atik ki ta parèt nan revi syantifik tanzantan, e tout inivèsite ameriken abòne revi sa yo — kote yo klase nan bibliyotèk inivèsitè chak inivèsite).

Lè yon etidyan deside prezante yon tèz, dabitid li fè sa ak yon pwofesè ki espesyalize nan domèn lan. Li pran kou ak pwofesè sa a (davans); li konnen pwofesè a; li ka menm asistan rechèch li, kote youn familye ak lòt byenke ap gen yon komite pou tèz la (ak plis pwofesè ladan l). — Donk, etidyan an kapab deside sou ki sijè li ta renmen travay; youn petèt anpil moun poko travay sou li, oubyen youn ke l ta renmen esplore an pwofondè. Etidyan an ka diskite tout sa ak direktè tèz la. Direktè sa a ka pwopoze etidyan an kèk sijè tou, depan de fleksiblite l.

Dire tèz doktora a — Gen etidyan ki ka finalize tèz yo nan yon ane (si yo t ap rasanble done yo bezwen gade depi kèk tan, epi yo te gen yon ide sou kisa yo vle travay). Gen sa yo tou ki ka pran kat ane ap travay sou yon tèz doktora. La a, nou kapab wè chak etidyan pa travay ak menm rapidite oubyen rit. Pafwa sa kapab depan de sa y ap eseye montre oubyen analize, e plis fouy yo gen pou fè, ki ka mande yo vwayaje (al lòt andwa, peyi, suiv kèk seminè, rankontre kèk espesyalis nan chan d etid yo pou entèvyouwe). Pafwa, pwofesè konn pa met anfaz sou longè yon tèz, men pito sou kontni l. Donk n ap jwenn tèz doktora ki konn pa menm san paj longè, kèk ki ka san epik paj, e pi long toujou.

Etap rechèch la — Globalman, etidyan an dwe gen yon ide jeneral sa l vle prezante nan rechèch la, kote l ka diskite sa ak direktè tèz la, oubyen pwopozisyon direktè a sa l vle fè. Konsa, etidyan an pral konnen nan ki direksyon rechèch la prale, e diferan etap yo pou pase – tèlke pa egzanp: biyografi (endividyèl) pou verifye travay konplè yon otè, oubyen ansanm travay li reyalize, biyografi gwoup otè (nan chan d etid la), e bibliyografi (ansanm travay plizyè otè) pou konsilte (lokalizasyon yo), bibliyografi revi syantifik (ki pibliye atik sou yon domèn presi, oubyen ki ka kouvri tout domèn sa a) entèvyou (pou fè, e anrejistre pou voye yo bay imel oubyen pou al travay sou transkrip yo pi devan), kòmantè sou travay kèk otè, kòmantè sou sa moun di nan entèvyou yo pou analize, liv pou prete (nan bibliyotèk), materyèl etidyan an te itilize nan kèk kou li t ap pran (tèlke atik pwofesè a te distribiye nan klas), e materyèl pou prete nan lòt bibliyotèk inivèsitè (interlibrary loan, oubyen prete dokiman atravè rezo bibliyotèk).

Pou retounen sou revi syantifik, yo ta plis disponib nan lang anglè (jodiya) nan prèske tout inivèsite nan lemonn, kote anpil ta abòne yo. Nan kad Ayiti, lang anglè a an reta nan ansèyman e metriz li pou l ta antre danble nan lekòl, depi senkyèm ane fondamantal (menm jan sa fèt nan anpil peyi jodiya), kote elèv la gen tan metrize l rapidman depi kòmansman nivo segondè (kòm lang etranje). Sa ta bay elèv aksè li yon dividal materyèl nan lang sa a, e pi devan atik syantifik ki disponib ladan (ki pa tradui ni an fransè, ni an espayòl (kòm lang etranje y ap anseye, malman, nan nivo segondè Ayiti).

Jeneralman palan, bibliyotèk inivèsitè Etazini, e chak fakilte oubyen depatman (selon domèn etid li) abòne revi yo bezwen. Pwofesè (diferan fakilte) konn fotokopye atik yo bezwen (swa pou rechèch pèsonèl yo, swa pou pataje yo ak etidyan nan klas, oubyen fè konpilasyon yo). Sèten kou ka pa gen liv y ap sèvi kòm tèks ki ta disponib pou achte. Pafwa gen liv yo pa enprime ankò; yo pa disponib sou mache a. Enstriktè klas la kapab fè konpilasyon atik li vle etidyan yo li, pandan semès oubyen trimès y ap suiv kou a. — Pou sa yo ki Ayiti, ki pa gen aksè a yon michan bibliyotèk inivèsitè (youn ki ta byen ekipe), yo fè fas a pwoblèm elekstrisite, pwoblèm koneksyon entènèt (wi-fi), donk aksè a tout materyèl sa yo pa bagay fasil.

Lè nou panse a fondèt pwoblèm bibliyografi a nan kad inivèsite an Ayiti, nou ta pwopoze kèk solisyon sa k ka fèt pou amelyore sitiyasyon an:

  1. Yon kou obligatwa pou tout etidyan premyè ane, ki santre sou metòd rechèch pou oryante yo (kèlkeswa domèn, chan d etid, ou espesyalite y ap prepare).
     
  2. Chak fakilte ta dwe gen yon gwoup etidyan ak pwofesè k ap travay pou ede fakilte sa a nan kad dokimantasyon, tabli kontak ak pwofesè (ayisyen, etranje), pwofesyonèl ayisyen k ap travay nan inivèsite aletranje pou ede idantifye materyèl rechèch ou dokiman syantifik yo bezwen, k ap parèt tanzantan nan revi syantik, e kòman yo kapab achemine yo Ayiti.
     
  3. Kreyasyon bank done pou dokiman ki an liy (sou entènèt la), klase yo pa òd alfabetik, epi eprime yo. Li enpòtan non sèlman pou kopye (vèsyon elektwonik yo), men tou enprime yo paske ralonj oubyen lyen yo kapab pa travay pafwa. Konsa, yon fwa yo enprime, yo kapab fè plizyè kopi ladan yo, epi klase yo nan klasè (tit dokiman an sou klasè a) nan chak fakilte.
     
  4. Pwofesè yo dwe aktif nan tabli kontak ak kolèg, e espesyalis (ayisyen, etranje) ki nan inivèsite  lòtbò dlo (aletranje), e nan menm domèn pou ede (fason yo kapab). Yon fwa kontak yo fin tabli, chay la ka vin mwen lou si yo mete tout biwokrasi de kote, epi pa panse a pwoblèm lajan (pou solisyone kèk pwoblèm senp). Sa pral, sètènman, rann tach la pi fasil pou chak fakilte, e pou ede etidyan ak mwayen pou fè rechèch.
     
  5. Tout memwa de sòti (memwa lisans) ki fin prezante nan inivèsite an Ayiti ta dwe disponib an liy nan fòma pdf, menm jan nou wè sa pou tèz, tèz doktora (abstrè oubyen rezime yo) ki prezante nan inivèsite ameriken. Konsa, lemonn antye ta non sèlman gen aksè a yo (kòm rechèch etidyan Ayiti ap prezante), men tou se ta yon plis pou otè memwa sa yo ta jwenn rekonesans pou travay rechèch yo, e mèm envitasyon nan men kèk pwofesè aletranje pou kontribye nan rechèch y ap fè.
     
    Sou nòt sa a, n ap ankouraje tout etidyan Ayiti ki defann yon memwa de sòti pou ta bay yon moun k ap vin Etazini oswa Kanada youn ou de kopi l pou ta anrejistre l nan yon bibliyotèk inivìsitè kòm dokimantasyon. Konsa, yo pral dokimante tit la nan bank done yo, e yon fwa li an liy, tout moun k ap fè rechèch (nan lemonn) ap kapab lokalize l trapde. Gen posiblite tou pou yo antre an kontak ak otè a (si l konekte ak rezo sosyal yo). Lòt bagay otè yo kapab fè, se ta pibliye menm memwa sa a sou fòm liv oubyen si y ap kontinye pou nivo doktora (aletranje), yo kapab pwolonje rechèch la pou yon tèz doktora.
     
  6. Menm si memwa a ta ekri an fransè, kreyòl… li ta toujou bon pou otè a tradui abstrè oubyen rezime l an anglè. Pou kisa? Sa ta non sèlman rann li fasil pou moun k ap fè rechèch sou kèk sijè, kèlkeswa kote yo ta ye nan lemonn, men tou pou dokimante rechèch la pou bank done elektwonik sou entènèt la.
     
    Yon tèz, memwa, rechèch pa dwe rete nan tiwa aprè otè a fin pase tan travay sou li, e prezante l. Se yon erè anpil etidyan (nan lemonn) fè lè rechèch la te ka pibliye sou fòm liv, pibliye rezime l, oubyen mete l nan fòma pdf (petèt pandan yon sèten tan dekwa pou piblik la ka gen askè li l, kòmante sou li, e site l nan rechèch y ap fè tou). N ap swete atik sa a ouvri zye tout etidyan, pwofesè, e chèrchè ki li l pou oryante yo nan sans sa a, yon fason yon lòt, epi pataje l tou ak maksimòm moun posib.
     
  7. Nan rechèch bibliyografik nou pibliye (an 2003) pou dokimante piblikasyon sou kreyòl ayisyen, soti epòk kolonyal (sètadi avan 1804) rive lan 2000, An Annotated Bibliography on Haitian Creolea review of publications from colonial times to 2000 (700 paj), nou fè posib nou pou resanse tit sa ki pibliye nan bibliyografi anote sa a, e otè yo. Men akoz n ap travay sou plizyè rechèch alafwa, nou poko fè yon rechèch bibliyografik konplemantè (ki ta kouvri piblikasyon soti ane 2001 rive 2020) - an tèm liv, atik syantifik e dokiman (odyo, vizyèl, odyovizyèl pou dokimante lang nan) ki ta pibliye sou kreyòl ayisyen. Donk, se yon chan ki ouvè toujou a tout moun, e patikilyèman jèn bibliyograf ki ta panse anbake nan yon tèl rechèch, byenke nou eseye kouvri tèz (metriz, doktora) ki pibliye sou Ayiti nan inivèsite aletranje (patikilyèman, inivèsite ameriken), e memwa lisans ki prezante nan FLA1 (Faculté de Linguistique Appliquée : Fakilte Lengwistik Aplike — Université d’État d’Haïti : Inivèsite Leta Ayiti).
     
  8. Revi syantifik lokal — Fakilte nan inivèsite an Ayiti ka panse pibliye pwòp revi elektwonik syantifik yo san depanse lajan. Se ta yon estrateji, non sèlman pou dokimante rechèch k ap fèt nan diferan fakilte, men tou pou ede dokimante rechèch bibliyografik, rezime atik k ap pibliye nan revi syantifik nan inivèsite aletranje, ke yo pa gen abònman yo Ayiti. Se ta yon opòtinite tou pou travay de konsè ou ansanm avèk espesyalis ayisyen (aletranje) ki nan diferan domèn, oubyen ki gen diferan espesyalizasyon ki ka pataje ak yo referans dokiman enpòtan pou idantifye, e konpile. Sa ta ede etidyan ak pwofesè nan inivèsite an Ayiti.

An rezime, se tout yon plezi pou n envite ou gade modèl travay bibliyografik nou (an liy) — Twenty Five Years of Research and Publications on Haiti, the Haitian Diaspora and on Haitian Creole: 25 Vennsenk Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti,
Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl Ayisyen. N ap swete l sèvi kòm modèl, e enspirasyon pou tout pwofesè ak etidyan ayisyen, pou yo menm tou panse pote kontribisyon pa yo nan kòve oubyen konbit sa a nou tanmen, e ki dwe kontinye.

Pa bliye rechèch bibliyografik pa youn ki janm konplè. Fò gen pase men (ti travay edisyon) ki dwe fèt ladan l tanzantan pou ajoute sa k manke. Se menm jan ak travay sou diksyonè, pou vin ak nouvo edisyon. — Seksyon «Tèks Anekse» a non sèlman ap ba ou yon echantiyon bibliyografi nou travay sou yo deja, men tou yo kapab toujou revize pou mete yo ajou. Pou seksyon «Tèz ki an rapò ak Ayiti», nou eseye kouvri ventyèm e venteyinyèm syèk (jiska 2020). Nou pa rate Repiblik Dominikèn (vwazen nou) nan kad rechèch bibliyografik nou, e lè Dr Leonel Fernandez (ansyen prezidan repiblik vwazen an) te an vizit nan University of Massachusetts-Boston, te wè rechèch nou an pou Ayiti (An Annotated Bibliography On Haitian Creole…). Ak tout sajès li, li te mande n si n kapab fè yon rechèch Bibliyografik tou pou Repiblik Dominikèn; nou te twò kontan reponn li «wi», e nou pa t pèdi tan fè l, epi prezante l nan Dominican-American National Roundtable, 8èm Konferans Ànyèl; ki te fèt nan University of Massachusetts-Boston, Oktòb 2005. — Se sèten nou ka rate kèk tit (nan rechèch bibliyografik nou pibliye yo), donk nou konte sou tout lektè, chèrchè pou ta siyale nou sa k manke, oubyen tou yo kapab sikile bouskay yo fè (tèlke tit e otè ki ta manke yo) sou diferan fowòm, yon fason pou ede nou dokimante tout bagay. N ap di ou mèsi davans pou konpreyansyon ou.

Nòt

  1. Kèk nan tit Memwa Lisans (Mémoire de Licence de la FLA (Faculté de Linguistique AppliquéeUniversité d’État d’Haïti) e kèk tèz mastè nan pwogram patenarya ak Université Antilles-Guyane /UAG)  ki pa t anrejistre nan bank done tèz  nou pibliye an liy oubyen ki pa t gen yon vèsyon elektwonik. Rechèch sa a se yon echantiyon ki ta ouvri pòt pou FLA, e pou tout lòt fakilte Inivèsite Leta Ayiti pou pibliye memwa yo sou entènèt la (fòma pdf) oubyen, etidyan kapab fè yo menm yon fwa yo fin defann li. --- Malerezman, FLA te detwi nan trajedi 12 janvye a – ki tranblemanntè 2010 la. Anpil etidyan FLA, ansanm ak dwayen Pierre Vernet pandan yo te nan klas. Avan trajedi a, nou te an kontak ak kèk etidyan de mwa avan sa, lè yo te imel nou pou n travay sou yon Bibliyografi zèv lengwis e antwopològ Suzanne Sylvain-Comhaire. Nan de semèn, nou te gen tan fini ak rechèch la, epi voye l ba yo. Yo ta pral nonmen klas 2010 la Pwomosyon Suzanne Sylvain (premye fanm ayisyèn lengwis, e antwopològ ki defann tèz doktora l nan Université Sorbonne (Paris) sou Gramè Kreyòl, yon rechèch ki ta tounen yon klasik pou lengwis ki espesyalize nan etid kreyòl. (Emmanuel W. Védrine).

TÈKS ANEKSE

DEGRAFF, Miichel. Platfòm MITI-Ayiti pou yon lekòl tèt anwo.

ENCARNACIÓN, Luis Armando Cuevas. Mouvman pou kreyòl nan lekòl Ayiti.  [Koutwazi: òganizasyon ITIAHaiti].

HAITI, a directory of publications : AYITI, yon ànyè piblikasyon.

HOEFER, M. (Jean Chrétien Ferdinand). Nouvelle biographie universelle depuis les temps les plus reculés jusqu’à nos jours avec les renseignements bibliographiques et l’indication des sources à consulter.

HYPPOLITE, Michel-Ange. «Bèbè Gòlgota: bouskay sitwayènte ak diyite». (Translation from Haitian Creole to English by Emmanuel W. Védrine).

LORQUET, JoëlBoukan Dife Literati ak Joël Lorquetlexical data (edited by) Emmanuel W. Védrine.

VALDMAN, Albert. Brief Curriculum Vitae. (Books in the field of Creole and French Studies). Textbooks and Manuals (images).
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. Chez-nous : Branché sur le monde francophone, 4th ed. with C. Pons & M. Scullen. Upper Saddle River, New Jersey: Prentice Hall, 2010; ed. 2014 Pearson.
---.  Dictionary of Louisiana French: As Spoken in Cajun, Creole, and American Indian Communities. With K. Rottet et al. Jackson, MS: University Press of Mississippi, 2009.
---. Point de départ. With C. Pons and M. Scullen. Upper Saddle River, NJ: Prentice Hall, 2009.
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I). 2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. Essays in French Linguistics. 2005. 145 p. ISBN: 9781894508445, 1894508440. Volume 25 of Language, media & education studies.
---. Haitian Creole : Structure, Variation, Status, Origin. Sheffield: Equinox Publishing. 2015. [Reviewed by Philipp Krämer; reviewed  by Sibylle Kriegel].
---. Ann pale kreyòl (1988, 265 p.); edition 2001 ISBN 10: 092923605X; ISBN 13: 9780929236056. [Haitian Creole, textbook; Foreign Language Study]. Reviewed by John M. Lipski, University of Florida. Journal of Pidgin and Creole Languages, 6: 2 (1991), pp 285-288. “Ann pale Kreyòl by Albert Valdman is one of the best manuals I have used to teach Haitian Creole. I would recommend it to anyone who is teaching Haitian Creole or any foreign language (as a good model to look at). The book can be used for Haitians who are learning English (as second language). The author, in a way, kills two birds with one stone with this publication. (Emmanuel W. Védrine, instructor of Haitian Creole, French, ESL and Spanish”). [This set of instructional materials is designed to provide beginning and intermediate learners of Haitian Creole with a foundation in the phonology, grammar, and vocabulary of the language. It is intended for use by individuals wanting to communicate with monolingual Haitians. A revision of earlier materials, this set emphasizes authentic representation of Haitian language and culture, focuses on interpersonal communication needs, and uses an officialized spelling, which is explained in the introductory section. The materials consist of 25 lessons, each containing some or all of the following components: a situational dialogue, vocabulary list and exercises, notes on specific grammatical constructions, review exercises, listening comprehension practice exercises keyed to a recorded text (not included), spelling exercises, and reading texts on Haitian geography and history. Lesson topics include introductions, getting and giving directions, school and classroom, clothing, objects of daily use, families, farming, telling time, laundry, describing things, travel and transportation, self- and medical care, shopping, food and restaurants, weather, magic and superstition, community life, and polite or socially appropriate behavior. A Creole-English glossary is appended. (MSE). Reference https://eric.ed.gov/?id=ED356617)].
---. A Dictionary of Louisiana Creole (collab., 1998). [Louisiana Creole, textbook].
---. French and Creole in Louisiana (1997). [Reviewed by Felice Anne Coles, University of Mississippi; Reviewed by Terry Nadason, University of Alberta].
---. A Learner’s Dictionary of Haitian Creole (1996). [Haitian Creole, textbook].
---. and Scott, Foresman. Viens Voir! 1990. ISBN: 0673350401, 9780673350404. 590 p. [French language, textbook].
---. Haitian Creole-English-French Dictionary (1981).; Vol. II. (French-Creole index, English-Creole index) ISBN 9780929236049, 0929236041. 298 p. [Trilingual dictionary]
---. Dis-Moi! High School French Level I, Student Edition. 555 p. [French language, textbook].
---. Historicity and Variation in Creole Studies (1981). [International Conference on Theoretical Orientations in Creole Studies (1979: St. Thomas, V.I).] Ann Arbor, MI: Karona Publishers, Inc. 1981. pp xi + 126. Reviewed by Charles A. Ferguson, Stanford University. Studies in Second Language Acquisition, Vol 5, Issue 1. Fall 1982, pp 125-127.
---. Créole et enseignement primaire en Haïti (1980). 225 p. [Creole in schools in Haiti]
---. Haiti –Today and Tomorrow (1984).
---. Le créole: structure, statut et origine (1978). [Creole Linguistics, Syntax, Sociolinguistics, Creole Genesis].
---. Pidgin and Creole Linguistics (1977) (co-edition).
---. and Scott, Foresman. Son et Sens. 356 p. [French language, textbook].
---. Introduction to French Phonology and Morphology. Pub Newbury House. 1976. 220 p. [French Linguistics].
---. Basic Course in Haitian Creole (1970). ISBN 9780884323747; ISBN: 0877501491. 351 p. [Haitian Creole, textbook].
---. Saint-Lucia Creole Basic Course (collab., 1969). [Saint-Lucia Creole, textbook].
(some) Articles and book chapters
---. "Vers l’identification des néologismes lexicaux du français de Louisiane". In I. Neumann-Holtzschuh & B. Bagola (eds.), L’Amérique francophone – Carrefour culturel et linguistique. Frankfurt am Main: Peter Lang, 2016. pp. 281-304.
---. "L’Akademi Kreyòl Ayisyen et la standardisation du créole haïtien". Etudes Créoles, 33:1, 2015 [en ligne]. pp. 40-63.
---. "L’élaboration d’une norme endogène dans la valorisation du français vernaculaire en Louisiane". In Marie-Madeleine Bertucci (ed.), Les français régionaux dans l’espace francophone. Langue, multilinguisme et changement social, Vol. 25. Frankfurt am Main: Peter Lang, 2016. pp. 75-87.
---. "Du français colonial aux parlers créoles". In A. Thibault, (ed.) Du français aux créoles: phonétique, lexicologie et dialectologie antillaises. Paris: Classiques Garnier, 2015. pp. 425-460.
---. "On the influence of the standard norm of Haitian Creole on the Cap Haïtien dialect". With A.-J. Villeneuve & J. Siegel. Journal of Pidgin and Creole Languages 30:1, 2015. pp. 1-43.
---. "Vers la reconstitution du français colonial, cible de la colonisation". In France Martineau & Terry Nadasdi (eds.), Le français en contact. Hommages à Raymond Mougeon. Quebec: Les Presses de l’Université Laval, 2011. pp. 393-414.
---. "French in the USA". In Kim Potowski (ed.), Language Diversity in the United States. Cambridge University Press, 2010. pp. 110-127.
---. "Sur la diffusion du créole haïtien standard". In Etudes Créoles: Cultures et Développement, 2008. pp. 165-193.

VEDRINE, Emmanuel W. A Bibliography of Mémoire de Licence or Bachelor’s Theses Presented at FLA (Faculté de Linguistique Appliquée) Université d’ État d’ Haïti : State University of Haiti.
---. A Bibliography of Theses & Dissertations related to Haiti (20th Century).
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Cape Verde.
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (2011–2020). (compiled by E. W. Védrine,  Joseph Marcel Georges and Fessando Suffren).
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to Haiti (From 2001-2004).
---. A Bibliography of Theses and Dissertations related to the Dominican Republic. E. W. Védrine, Andrés Paniagua. [Research done upon the request of his Excellency, Dr. Leonel Fernandez, and presented at the Dominican-American National Roundtable, 8th Annual Conference; held at University of Massachusetts-Boston. Oct. 2005].
---.  “A hidden norm in the standardization process of Haitian Creole that would be acceptable by the whole Haitian population and how to manage it”. Emmanuel W. Védrine (Presentation). Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. / [«Une norme sous-entendue dans le processus de la standardization du créole haïtien qui serait acceptable par toutes les couches sociales de la population haïtienne et comment la gérer». Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. E. W. Védrine -- Biography].
---. A look at Higher Education in Haiti: another step after secondary level | Koudèy sou Edikasyon Siperyè Ayiti: yon lòt etap apre nivo segondè.
---. An Annotated Bibliography on Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000. © 2003 by Emmanuel W. Védrine and E. W. Védrine Creole Project. 700 pages. [General Authors' Index (Endèks Jeneral otè); Index of Titles : Endèks Tit;  Acknowledgements & General Introduction (Rekonesans e Entwodiksyon) pp 5; Abbreviations & Symbols used in this book : Abreviyasyon & Senbòl ki itilize nan liv la, pp 20; In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a); Chapter : Chapit I: A bibliography of Periodicals with publications on Kreyòl (268 entries : antre, pp 26-35); Chapter : Chapit II (2): Agriculture, Flora and Fauna | Flòr e Fonn (61 entries : antre, pp 36-43); Chapter III (3): Bibliographies (12 entries : antre, pp 44-47); Chapter : Chapit IV (4): Classification by authors : klasman pa otè, pp 48-71; Chapter : Chapit V (5): Dictionaries, Glossaries, and Related Sources : Diksyonè, Glosè, e Sous ki an rapò (130 entries : antre), pp 72-119; Chapter : Chapit VI (6): Education (edikasyon) Literacy (alfabetizasyon), and Teaching Materials : e Materyèl didaktik /pedagojik (334 entries : antre) pp 120-165; Chapter : Chapit VII (7): Folklores, Folk tales & Stories : Foklò, Iswa-kont & Istwa (230 entries : antre, pp166-188); Chapter : Chapit VIII (8): General Subjects : Sijè Jeneral (445 entries : antre), pp 189-254; Chapter : Chapit IX (9): Geography and History : Jewografi e Istwa (63 entries : antre, pp 255-265); Chapter (Chapit): Grammar : Gramè (72 entries : antre) pp 266-279; Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole (354 p., 1996); Kreyol Without Toil: an introductory course to Haitian Creole (version to be printed : vèsyon pou enprime); Sistèm Alfabè Kreyòl Aysiyen : The Haitian Creole Writing System; Chapter : Chapit XI (11): Health & Hygiene : Sante e Ijyèn (52 entries : antre) 280-283; Chapter : Chapit XII (12): Historical Linguisitcs : Lengwistik Istorik (88 entries : antre, pp. 284-300); Chapter : Chapit XIII (13): Novels & Short Stories : Woman e Resi & Istwa Kout (108 entries : antre) pp 301-319; Chapter : Chapit XVI (14): Orthography | Òtograf (112 entries : antre, pp 320-341); Chapter : Chapit XV (15): Plays (including related works : Pyès teyal enkli zèv ki an rapò 88 entries : antre), pp. 344-357; Chapter : Chapit XVI (16): Poetry : Pwezi /Powèm (204 entries : antre), pp 358-380; Chapter : Chapit XVII (17): Proverbs : Pwovèb (54 entries : antre), pp 381-392; Chapter : Chapit XVIII (18): Religious Studies : Etid Relijye (145 entries), pp 393-403; Chapter XIX (19): Sociolinguistics : Sosyolengwistik (119 entries : antre) pp 404-493; Chapter : Chapit XX (20): Teaching Materials For Learners of Haitian Creole : Materyèl didaktik /pedagoji pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (Kreyòl, 41 entries : antre) pp 432-435; Chapter : Chapit XXI (21): Theoretical Linguistics : Lengwistik Teyorik (325 entries : antre) pp 436-471; Chapter : Chapit XXII (22); Chapter : Chapit XXIII: Theses & Dissertations related to Haitian Creole : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak kreyòl ayisyen (75 entries : antre) pp 472-485; Chapter XXII (22); Chapter : Chapit XXIII (23): Interviews with some Haitian Creolists, Journalists and Authors (Entèvyou ak kèk kreyolis, jounalis e otè), pp 486-335 [Interview : Entèvyou #1: Charlot Lucien and Frankétienne (pp 486-490); Interview : Entèvyou #2 (see Appendix); Interview : Entèvyou #3: Nounous (Lenous Surprice) and Kaptenn Koukourouj (Michel-Ange Hyppolite) pp 491- 496; Interview : Entèvyou #4: Emmanuel W. Védrine and Roody Barthelemy (pp 497-500); Interview : Entèvyou #5 Edikatè à l’Edicateur : an Interview with Haitian novelist Deyita (Mercedes Guignard on her novel Esperans Dezire : Yon entèvyou ak womansye Deita, Mercedes Guignard sou woman li an Esperans Dezire), pp 500-503;  Interview : Entèvyou #6 (see : wè Appendix); Interview : Entèvyou #7: Yvon Lamour, Emmanuel W. Védrine, Keslèbrezo (Kesler Brézault), Kaptenn Koukourouj (Michel-Angle Hyppolite)]; Chapter : Chapit XXIV (24): General Authors’ Biographies : Bibliyografi Jeneral otè, pp 537; Appendix (Part /Pati I, II, III - Theses and Dissertations related to Haiti : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak Ayiti (308 entries : antre, pp 572, 594, 600); Index of Titles : Endèks Tit, pp 630; General Authors’ Index : Endèks Jeneral Otè, pp 680; About the author : Sou otè a, pp 625. In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a). [Research presented the International Linguistic Symposium in French Guyana, organized by IRD (Institut de Recherche pour le Developpement). Spring 2003].
---. (compiled by).An Electronic Teaching Materials’ Model For Haitian Students And Teachers. (compiled by) E. W. Védrine : Yon Modèl Materyèl Didaktik pou Elèv e Pwofesè Ayisyen. [Bibliography].
---. (compiled by).Bibliographie Haïtienne et Indices Biographiques. (compiled by Emmanuel W. Védrine and Francesca Palli). [Online General Bibliography Related to Haiti : Bibliyografi an liy ki an rapò ak Ayiti].
---. «ANSÈYMAN SAN ANSEYAN». Emmanuel W. Védrine. — Pa ka gen bon jan ansèyman san anseyan ki prepare ak materyèl didaktik disponib pou ede elèv ak anseyan. — Estrateji pou anseyan òganize matyè y ap anseye, e aplikasyon teknoloji nan ansèyman jodiya kòm zouti esansyèl — Nesesite pou òganize konferans ou diskisyon atravè zoum pou diskite tout sa, e rekòde yo pou itilize nan Seyans Fòmasyon pou anseyan Ayiti, e nan dyaspora. — Itilizasyon materyèl didaktik / pedagojik (nan diferan nivo). Pa egzanp: kit tip materyèl (selon matyè ou sijè anseyan an ap anseye), pou kilè (laj elèv yo, e nivo alfabetizasyon yo), ki nivo moun yo (èske tout ap fonksyone nan menm nivo, miwo / miba), ki laj yo (timoun, jèn, adil), pou ki rezon (objektif), materyèl ki disponib deja (èske anseyan an lokalize yo), ki materyèl anseyan an bezwen ki pa egziste, ide pou fè kopi materyèl ki ra / tèlke kèk liv ki pa disponib ankò sou mache a) : «TEACHING WITHOUT TEACHERS». Emmanuel W. Védrine. — There can’t be good teaching without prepared teachers and teaching materials available to help students and teachers. — Strategies for teachers to organize subjects they are teaching, and the application of technology in teaching today as an essential tool — The necessity to organize conferences or discussions through zoom to discuss all that, and record them to be used in teachers’ training in Haiti, and in the diaspora. — The use of teaching materials (at different levels). For example: What type of materials (according to the subject(s) the teacher is teaching), for who (students’ age, and their literacy level), what’s the people’s level (are all functioning at the same level, up /down), what’s their age (children, teenagers, or adults), for what reason (objective), materials that are already available (has the teacher localized them), what materials does the teacher need and that don’t exit, the idea of making copies of rare materials such as some books that are no longer avaible on the market)].
---. Book of changes: the preservation of Creole, a nuanced language… by William Orem. Research & Creative Activity, Vol. XXIII, No. 1. April 2000. Indiana University.
---. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM (Curacao). [On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications. Courtesy of Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol. Curacao; Richenel Ansano (Director of NAAM]; Yaniek Pinedo Védrine (translator). 2016.
---. Collection of Haitian Education Materials by Albert Valdman.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms. Emmanuel W. Védrine. 1992. 246 Pages. Publisher: Soup to Nuts. Cambridge, MA.
---. D.P.M - Kanntè (play) by Jan Mapou: a bridge between fiction and reality. (Book review and English translation of the book by Emmanuel W. Védrine).
---. Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers : Resous Edikasyonèl e Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen. (compiled by E. W. Védrine). [Bibliography].
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl. Emmanuel W. Védrine.
---. Èske w te pase nan kèk atelye ekriven avan w pibliye premye liv ou? : Have you been to any writers’ workshop before publishing your first book? [School teaching materials included in annexed texts section : Enkli materyèl didaktik pou lekòl nan seksyon tèks anekse].
---. First meeting with Eddy Le Phare. ('Lèt ak Kilti' : “Letters and Culture”, radio program).
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I). 2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. Haitian Creole Data base: (source: Haïti Progrès, newspaper, 2004). [Model of edited database: Modèl bank done leksikal tou edite pou lojisyèl ipèbaz (for hyper base software].
---. Haitian Creole Data baseKri pou liberasyon (Cry for liberation: a collection of poems in Haitian Creole). 2008. [Model of edited Creole database (for hyper base software) : Modèl bank done leksikal tou edite (pou lojisyèl ipèbaz)].
---. Haiti, a directory of publications : Ayiti, yon ànyè piblikasyon.
---. Haitian Creole D-Base : Writings By Emanuel W. Védrine ( Part I).
---. (compiled by). E. W. Védrine. Haiti’s Super Web Directory & Diaspora  : Gran Ànyè Elektwonik Ayiti & Dyaspora. ---. An Annotated Bibliography on Haitian Creole: A review of publications from colonial times to 2000. © 2003 by Emmanuel W. Védrine and E. W. Védrine Creole Project. 700 pages. [General Authors' Index (Endèks Jeneral otè); Index of Titles : Endèks Tit;  Acknowledgements & General Introduction (Rekonesans e Entwodiksyon) pp 5; Abbreviations & Symbols used in this book : Abreviyasyon & Senbòl ki itilize nan liv la, pp 20; In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a); Chapter : Chapit I: A bibliography of Periodicals with publications on Kreyòl (268 entries : antre, pp 26-35); Chapter : Chapit II (2): AgricultureFlora and Fauna | Flòr e Fonn (61 entries : antre, pp 36-43); Chapter III (3): Bibliographies (12 entries : antre, pp 44-47); Chapter : Chapit IV (4): Classification by authors : klasman pa otè, pp 48-71; Chapter : Chapit V (5): Dictionaries, Glossaries, and Related Sources : Diksyonè, Glosè, e Sous ki an rapò (130 entries : antre), pp 72-119; Chapter : Chapit VI (6): Education (edikasyon) Literacy (alfabetizasyon), and Teaching Materials : e Materyèl didaktik /pedagojik (334 entries : antre) pp 120-165; Chapter : Chapit VII (7): Folklores, Folk tales & Stories : Foklò, Iswa-kont & Istwa (230 entries : antre, pp166-188); Chapter : Chapit VIII (8): General Subjects : Sijè Jeneral (445 entries : antre), pp 189-254; Chapter : Chapit IX (9): Geography and History : Jewografi e Istwa (63 entries : antre, pp 255-265); Chapter (Chapit): Grammar : Gramè (72 entries : antre) pp 266-279; Gramè Kreyòl VEDRINE Grammar of Haitian Creole (354 p., 1996); Kreyol Without Toil: an introductory course to Haitian Creole (version to be printed : vèsyon pou enprime)Sistèm Alfabè Kreyòl Ayisyen : The Haitian Creole Writing System; Chapter : Chapit XI (11): Health & Hygiene : Sante e Ijyèn (52 entries : antre) 280-283; Chapter : Chapit XII (12): Historical Linguisitcs : Lengwistik Istorik (88 entries : antre, pp. 284-300); Chapter : Chapit XIII (13): Novels & Short Stories : Woman e Resi & Istwa Kout (108 entries : antre) pp 301-319; Chapter : Chapit XVI (14): Orthography | Òtograf (112 entries : antre, pp 320-341); Chapter : Chapit XV (15): Plays (including related works : Pyès teyat enkli zèv ki an rapò 88 entries : antre), pp. 344-357; Chapter : Chapit XVI (16): Poetry : Pwezi /Powèm (204 entries : antre), pp 358-380; Chapter : Chapit XVII (17): Proverbs : Pwovèb (54 entries : antre), pp 381-392; Chapter : Chapit XVIII (18): Religious Studies : Etid Relijye (145 entries), pp 393-403; Chapter XIX (19): Sociolinguistics : Sosyolengwistik (119 entries : antre) pp 404-493; Chapter : Chapit XX (20): Teaching Materials For Learners of Haitian Creole : Materyèl didaktik /pedagoji pou moun k ap aprann kreyòl ayisyen (Kreyòl, 41 entries : antre) pp 432-435; Chapter : Chapit XXI (21): Theoretical Linguistics : Lengwistik Teyorik (325 entries : antre) pp 436-471; Chapter : Chapit XXII (22); Chapter : Chapit XXIII: Theses & Dissertations related to Haitian Creole : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak kreyòl ayisyen (75 entries : antre) pp 472-485; Chapter XXII (22); Chapter : Chapit XXIII (23): Interviews with some Haitian Creolists, Journalists and Authors (Entèvyou ak kèk kreyolis, jounalis e otè), pp 486-335 [Interview : Entèvyou #1: Charlot Lucien and Frankétienne (pp 486-490); Interview : Entèvyou #2 (see Appendix); Interview : Entèvyou #3: Nounous (Lenous Surprice) and Kaptenn Koukourouj (Michel-Ange Hyppolite) pp 491- 496; Interview : Entèvyou #4: Emmanuel W. Védrine and Roody Barthelemy (pp 497-500); Interview : Entèvyou #5 Edikatè à l’Edicateur : an Interview with Haitian novelist Deyita (Mercedes Guignard on her novel Esperans Dezire : Yon entèvyou ak womansye Deita, Mercedes Guignard sou woman li an Esperans Dezire), pp 500-503;  Interview : Entèvyou #6 (see : wè Appendix); Interview : Entèvyou #7: Yvon Lamour, Emmanuel W. Védrine, Keslèbrezo (Kesler Brézault), Kaptenn Koukourouj (Michel-Angle Hyppolite)]; Chapter : Chapit XXIV (24): General Authors’ Biographies : Bibliyografi Jeneral otè, pp 537; Appendix (Part /Pati I, II, III - Theses and Dissertations related to Haiti : Tèz (metriz, doktora) ki an rapò ak Ayiti (308 entries : antre, pp 572, 594, 600); Index of Titles : Endèks Tit, pp 630; General Authors’ Index : Endèks Jeneral Otè, pp 680; About the author : Sou otè a, pp 625. In praise of the author (Éloge de l’auteur : Lomeyans pou otè a). [Research presented the International Linguistic Symposium in French Guyana, organized by IRD (Institut de Recherche pour le Developpement). Spring 2003].
---. (compiled by). An Electronic Teaching Materials’ Model For Haitian Students And Teachers. (compiled by) E. W. Védrine : Yon Modèl Materyèl Didaktik pou Elèv e Pwofesè Ayisyen. [Bibliography].
---. (compiled by). Bibliographie Haïtienne et Indices Biographiques. (compiled by Emmanuel W. Védrine and Francesca Palli). [Online General Bibliography Related to Haiti : Bibliyografi an liy ki an rapò ak Ayiti].
---. «ANSÈYMAN SAN ANSEYAN». Emmanuel W. Védrine. — Pa ka gen bon jan ansèyman san anseyan ki prepare ak materyèl didaktik disponib pou ede elèv ak anseyan. — Estrateji pou anseyan òganize matyè y ap anseye, e aplikasyon teknoloji nan ansèyman jodiya kòm zouti esansyèl — Nesesite pou òganize konferans ou diskisyon atravè zoum pou diskite tout sa, e rekòde yo pou itilize nan Seyans Fòmasyon pou anseyan Ayiti, e nan dyaspora. — Itilizasyon materyèl didaktik / pedagojik (nan diferan nivo). Pa egzanp: kit tip materyèl (selon matyè ou sijè anseyan an ap anseye), pou kilès (laj elèv yo, e nivo alfabetizasyon yo), ki nivo moun yo (èske tout ap fonksyone nan menm nivo, miwo / miba), ki laj yo (timoun, jèn, adil), pou ki rezon (objektif), materyèl ki disponib deja (èske anseyan an lokalize yo), ki materyèl anseyan an bezwen ki pa egziste, ide pou fè kopi materyèl ki ra / tèlke kèk liv ki pa disponib ankò sou mache a) : «TEACHING WITHOUT TEACHERS». Emmanuel W. Védrine. — There can’t be good teaching without prepared teachers and teaching materials available to help students and teachers. — Strategies for teachers to organize subjects they are teaching, and the application of technology in teaching today as an essential tool — The necessity to organize conferences or discussions through zoom to discuss all that, and record them to be used in teachers’ training in Haiti, and in the diaspora. — The use of teaching materials (at different levels). For example: What type of materials (according to the subject(s) the teacher is teaching), for who (students’ age, and their literacy level), what’s the people’s level (are all functioning at the same level, up /down), what’s their age (children, teenagers, or adults), for what reason (objective), materials that are already available (has the teacher localized them), what materials does the teacher need and that don’t exist, the idea of making copies of rare materials such as some books that are no longer avaible on the market)].
---. Book of changes: the preservation of Creole, a nuanced language… by William Orem. Research & Creative Activity, Vol. XXIII, No. 1. April 2000. Indiana University.
---. Charla Lingwista Haitiano Emmanuel W. Védrine na NAAM (Curacao). [On Haitian Creole  Bibliography, 200 years of publications. Courtesy of Myriam Lavache (Kreyòl Pale, Kreyòl Konprann Institute of Spoken Kreyol), Curacao; Richenel Ansano (Director of NAAM]; Yaniek Pinedo Védrine (translator). 2016.
---. Collection of Haitian Education Materials by Albert Valdman.
---. Dictionary of Haitian Creole Verbs with Phrases and Idioms. Emmanuel W. Védrine. 1992. 246 Pages. Publisher: Soup to Nuts. Cambridge, MA.
---. D.P.M - Kanntè (play) by Jan Mapou: a bridge between fiction and reality. (Book review and English translation of the book by Emmanuel W. Védrine).
---. Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers : Resous Edikasyonèl e Seyans Oryantasyon pou Anseyan Ayisyen. (compiled by E. W. Védrine). [Bibliography].
---. English – Haitian Creole Bilingual Dictionary. 1148 p. iUniverse. Bloomington, IN. 2017. Albert Valdman (editor). The “DICO Project”, Vol. II. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. English – Haitian Creole Computer Terms : Tèm Konpwoutè: Anglè – Kreyòl. Emmanuel W. Védrine.
---. Èske w te pase nan kèk atelye ekriven avan w pibliye premye liv ou? : Have you been to any writers’ workshop before publishing your first book? [School teaching materials included in annexed texts section : Enkli materyèl didaktik pou lekòl nan seksyon tèks anekse].
---. First meeting with Eddy Le Phare. ('Lèt ak Kilti' : “Letters and Culture”, radio program).
---. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary (the “DICO Project”, Vol. I). 2007. 781 +xxxiv p. Indiana University–Creole Institute. (Emmanuel W. VédrineFrenand LégerJacques PierreNicolas André: native speakers editing team).
---. Haitian Creole Data base: (source: Haïti Progrès, newspaper, 2004). [Model of edited database: Modèl bank done leksikal tou edite pou lojisyèl ipèbaz (for hyper base software].
---. Haitian Creole Data baseKri pou liberasyon (Cry for liberation: a collection of poems in Haitian Creole). 2008. [Model of edited Creole database (for hyper base software) : Modèl bank done leksikal tou edite (pou lojisyèl ipèbaz)].
---. Haitian Creole D-Base : Writings By Emmanuel W. Védrine ( Part I).
---. (compiled by). E. W. Védrine. Haiti’s Super Web Directory & Diaspora  : Gran Ànyè Elektwonik Ayiti & Dyaspora. [Bibliography].
---. Interview with André Vilaire Chéry. [On the evolution of Haitian Creole, post dechoukay or after February 7, 1986]. Indiana University–Creole Institute.  December 1999. / Yon Entèvyou ak Vilaire Chéry nan kad rechèch li sou yon envantè mo ak espresyon li dokimantè nan konjonkti politik Ayiti a, soti 7 fevriye 1986 pou rive nan lan 2000].
---. Interview with Serge Claude Valmé pour discuter ref. Gramè Kreyòl Védrine. ('Radyo Vwa Lakay). Boston, Massachusetts.
---. Leksik kreyòl: ekzanp devlopman kèk mo ak fraz a pati 1986. Emmanuel W. Védrine.
---. Lè Kreyòl kenbe w (When have a need for Kreyòl. (pdf, 32 KB). (Interview avec the Haitian linguist, Emmanuel W. Védrine, celebrating his tenth year of research on Haitian Creole”). Journalist Gotson Pierre.
---. Mouri pou libere Ayiti (short story : istwa kout). English translation: Dying for Haiti’s liberation, by the author; French translation: Mourir pour libérer Haïti, Jean-S. Sahaï; German translation: Sterben, um Haiti zu befreien, Jnes Angela Pellegrini; Italian translation: Morire per liberare Haiti, Francesca Palli; Japanese translation : Mihoko Tsunetomi; Latin translation: Vittore Nason; Papiamentu translation: Muriendo pa liberashon di Haiti, Yaniek Pinedo; Russian translation: Karlova Ekatarina; Spanish translation: Morir para liberar Haití, Miguel Calzada].
---. New words and idioms entering Haitian Creole: Mo nouvo ak espresyon ki antre nan kreyòl. Emmanuel W. Védrine. [With the rapid development of Haitian Creole (in the 20th and 21st century), and many of us who have the chance observing it, the question we may ask is: What strategy we (who are in area of linguistics, and research on the native language) can use to record this development?... Certainly, we are encouraging all other Haitian researchers (in the linguistic area) to think of the opportunity to contribute also (while alive) in this sense… It can be done through recorded interviews (with their phones, and then write down the transcript immediately after or send a copy of the recording to their email to keep it as documentation, and them later they can work on the transcript. They can also use videos, and publish them online so that researchers can have access to them].
---. Online Educational Resources and Orientation Training for Haitian Teachers.
---. Path to the most ever published bibliography research on Haitian Creole. [Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne].
---. Petit lexique du créole haïtien. [historical linguistics]. Orèsjozèf Publications. 1995. 87 p.
---. Quelques plantes créoles et leurs noms latin : Kèk plant Kreyòl ak non yo an laten. Emmanuel W. Védrine.
---. Say it in Haitian Creole, English and French: a trilingual glossary of phrases and idioms. [Forthcoming / A trilingual Glossary for learners of Haitian Creole, English, French and a guide for translators]. Emmanuel W. Védrine. Winter 2020.
---. Seventy Five Years of Research and Publications on Haitian Creole : 75 Swasannkenz Ane Rechèch ak Piblikasyon sou kreyòl ayisyen]. [Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne].
---. Some Haitian Creole Verbs dealing with Haiti’s underdevelopment and development.
---. Standardizing Haitian Creole: a round table discussion. Haitian Studies Association, 18th Conference. University of Virginia, Charlottesville, VA. 2006. [Panel: Emmanuel W. Védrine, Marc Prou, Albert Valdman, Josiane Huducourt-Barnes].
---. (compiled by). Suzanne Comhaire- Sylvain : a bibliography of her publications. [Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne].
---. Tradiksyon yon entèvyou ak Diana Guillemin “lang kreyòl” (Translation of an interview with Diana Guillemin, Creole language).
---. Twenty Five Years of Research and Publications on Haiti, the Haitian Diaspora, and on Haitian Creole. [Vingt-cinq ans de Recherche et de Publications sur Haïti,
la Diaspora Haitienne et sur le Créole Haïtien : 25 Vennsenk Ane Rechèch ak Piblikasyon sou Ayiti,
Dyaspora Ayisyen, e sou Kreyòl Ayisyen]. - Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne.
---. Welcome to L’Asile (Lazil), a commune in Haiti : Byenveni nan Lazil, yon komin Ayiti. [Haitian Bibliography : Bibliographie Haïtienne].
---. What the author thinks : Sa otè a panse.
---. Yon koudèy sou de gran diksyonè sou kreyòl ayisyen : A look at two great dictionaries on Haitian Creole.

Nòt Rechèch : Research Note

Amenajman lengwistik : Linguistic planning; Ànyè elektwonik Ayiti e Dyaspora ayisyen (kilti, dyaspora, edikasyon, istwa, lang, literati kreyòl, tradisyon) : Electronic Directory of Haiti and the Haitian Diaspora (culture, diaspora, education, history, language, Creole literature, traditions); Etid kreyòl : Creole studies; Bank done Kreyòl Ayisyen : Database in Haitian Creole; Diksyonè sou Kreyòl Ayisyen : Dictionaries on Haitian Creole; Dokiman pou seyans oryantasyon pou Anseyan Ayisyen : Documents for training sessions for Haitian Teachers; Edikasyon bileng an kreyòl ayisyen – anglè : Bilingual education in Haitian Creole - English; Esè (disètasyon) an Kreyòl Ayisyen : Essays in Haitian Creole; Etid lang e Etid karibeyen : Languages and Studies of the Caribbean; Kreyòl a baz fransè : French-based Creoles; Kreyòl atlantik : Atlantic Creoles; Leksik Kreyòl Ayisyen : Haitian Creole Lexicon; Lengwistik Kreyòl : Creole linguistics; Materyèl Edikatif an anglè e an kreyòl ayisyen pou lekòl Ayiti : Educational material in English and Haitian Creole for schools in Haiti; Materyèl edikatif pou seyans fòmasyon pou Anseyan Ayisyen : Educational materials for Haitian Teachers’ Training; Oryantasyon Anseyan Ayisyen : Haitian Teachers’ Training; Pwojè diksyonè e glosè : Dictionary and glossary projects; Resous edikasyonèl : Educational resources; Rezo Etidyan Ayisyen Ayiti – Dyaspora e rechèch : Network of Haitian Students in Haiti - Diaspora and research; Trening e Oryansyon pou anseyan ayisyen : Training and Orientation Sessions for Haitian Teachers; Revizyon e Edisyon dokiman an Kreyòl Ayisyen : Reviewing and Editing of documents in Haitian Creole.

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts. USA

*

 Viré monté